Sòm Yo 108 - Haitian Bible

Yon chan. Yon Sòm David

1 Sòm 57:7-11 Kè m fèm, O Bondye; mwen va chante.

Mwen va chante lwanj ou, menm avèk tout nanm mwen.

2Fè leve ap avèk lir!

Mwen va fè leve solèy la!

3Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ, pami pèp yo.

Mwen va chante lwanj a Ou pami nasyon yo.

4Paske lanmou dous Ou a gran Sòm 113:4pase syèl yo,

e verite Ou rive jis nan syèl yo.

5 Sòm 57:5 Leve wo, O Bondye, anwo syèl yo ak glwa Ou anwo tout tè a.

6 Sòm 60:5-12 Pou sila ke Ou tèlman renmen an, kapab delivre.

Sove avèk men dwat Ou e reponn mwen!

7Bondye te pale nan sentete Li a: “Mwen va leve wo,

Mwen va divize Sichem, e mezire tout vale Succoth la.

8Galaad se pou Mwen. Manassé se pa M.

Ephraïm se kas sou tèt Mwen.

Jen 49:10 Juda se baton wayal Mwen.

9Moab se basen lesiv Mwen.

Sou Edom, Mwen va jete soulye M.

Sou Philistie, Mwen va rele byen fò.”

10Se Sòm 60:9kilès ki va mennen M antre nan vil fòtifye a?

Kilès ki va mennen M Edom?

11Se pa ke Ou, Ou menm, O Bondye, te Sòm 44:9rejte nou an?

Èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?

12O bannou sekou kont advèsè a,

paske delivrans a lòm se anven.

13Avèk Bondye, nou va fè zèv vanyan.

És 60:12 Se Li menm ki va foule advèsè nou yo anba pye L.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help