Sòm Yo 80 - Haitian Bible

Pou direktè koral la; pou jwe a “Lis Akò Yo”. Yon Sòm Asaph

1O prete zòrèy Ou, Bèje Israël la,

Ou menm ki mennen Joseph tankou yon twoupo,

Ou menm ki Egz 25:22 chita sou twòn anwo cheriben yo, se pou ou briye.

2Devan Éphraïm avèk Benjamin ak Manassé, fè vire tout fòs Ou.

Vin bannou sekou!

3O Bondye, restore nou!

Nonb 6:25 Fè vizaj Ou briye sou nou

e nou va sove.

4O Bondye dèzame yo,

Sòm 79:5 pou konbyen de tan Ou va fache kont lapriyè a pèp Ou a?

5Ou te bay yo Sòm 42:3 pen fèt ak dlo ki t ap sòti nan zye yo.

Ou te fè yo bwè dlo a zye yo an gran kantite.

6Ou fè nou vin yon objè konfli devan Sòm 44:13 vwazen nou yo.

Lènmi nou yo ri pami yo menm.

7O Bondye dèzame yo, restore nou!

Fè vizaj Ou klere sou nou e nou va sove.

8Ou te rachte yon pye rezen soti an Égypte.

Ou te chase mete nasyon yo deyò pou te Jr 11:17plante li la.

9Ou te netwaye tè a devan l.

Li te Os 14:5anrasine byen fon e te ranpli peyi a.

10Mòn yo te kouvri ak lonbraj li.

Jen 49:22 Branch li yo te kon bwa sèd Bondye yo.

11Li te voye branch li yo rive Sòm 72:8 jis nan lanmè,

ak boujon li yo jis nan Rivyè a.

12Poukisa Ou te Sòm 89:40 kraze tout kloti li yo,

pou tout sila ki pase la yo kab rekòlte fwi li yo?

13Yon gwo mal kochon sovaj sòti nan forè pou manje ladann

e bèt sovaj chan an manje sou li.

14O Bondye dèzame yo, vire fè bak depi koulye a,

nou sipliye Ou, souple.

Sòm 102:19 Gade soti anwo nan syèl la pou wè,

e okipe pye rezen sila a.

15Menm boujon ke men dwat Ou te plante a,

e branch ke Ou te bay fòs pou Ou menm nan.

16Li fin brile ak dife.

Li fin koupe atè nèt.

Yo peri ak repwòch devan Ou.

17Kite Sòm 89:21 men Ou rete sou nonm nan

ki se moun men dwat Ou a,

sou fis a lòm ke ou te fè pwisan pou Ou menm nan.

18Konsa, nou p ap vire fè bak kite Ou.

Fè nou leve ankò e nou va rele non Ou.

19O SENYÈ dezame yo, restore nou.

Fè figi Ou briye sou nou e nou va sove.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help