Sòm Yo 71 - Haitian Bible

1 Sòm 25:2-3 Nan Ou, O SENYÈ, mwen te pran refij.

Pa janm kite mwen vin wont.

2 Sòm 31:1 Nan ladwati Ou, delivre mwen e fè m sekou.

Panche zòrèy Ou bò kote m e sove mwen.

3Devni pou mwen wòch abitasyon mwen an,

kote mwen kab vini tout tan.

Ou te pase lòd pou sove mwen,

paske Ou se Sòm 18:2wòch mwen ak sitadèl mwen.

4 Sòm 140:1-4 Delivre mwen, O Bondye mwen, nan men a mechan yo,

Fè m sòti nan ponyèt a malfektè a ak san pitye a,

5Paske Ou se espwa m, O SENYÈ Bondye,

Ou se Sòm 22:9 konfyans mwen soti nan jenès mwen.

6Pa Ou menm, mwen te twouve Sòm 22:10 soutyen depi lè m te fèt.

Se Ou menm ki te retire mwen nan vant manman m.

Tout tan se Ou menm ke m louwe.

7Mwen parèt kon yon És 8:18 mèvèy pou anpil moun,

men se Ou ki fò refij mwen.

8Bouch mwen plen avèk lwanj Ou

ak Sòm 96:6 glwa Ou tout lajounen.

9Pa jete mwen akote nan Sòm 71:18 tan vyeyès mwen.

Pa abandone mwen lè fòs mwen vin febli.

10Paske Lènmi m yo te pale kont mwen.

Sila k ap veye pou pran lavi m yo Sòm 31:13 ap pran konsèy ansanm,

11Y ap di: Sòm 3:2 “Bondye fin abandone li.

Annou kouri dèyè l, e sezi li.

Paske nanpwen moun ki pou delivre l.”

12O Bondye, Sòm 10:1 pa rete lwen mwen.

O Bondye m, fè vit a sekou mwen!

13Kite sila ki advèsè a nanm mwen yo vin wont e manje nèt.

Kite yo kouvri avèk repwòch ak dezonè k ap Est 9:2chache blese mwen.

14Men pou mwen, mwen va kenbe espwa m pou tout tan.

Mwen va Sòm 71:8bay Ou lwanj plis toujou.

15Bouch mwen va pale ladwati Ou,

ak sali Ou tout lajounen,

menmsi mwen Sòm 40:5pa kab fin konnen

fòs valè tout jou sa yo.

16Mwen va vini ak zèv pwisan SENYÈ Bondye a.

Mwen va Sòm 51:14pale ladwati Ou, sèl de Ou menm.

17O Bondye, Ou Det 4:5 te enstwi mwen depi jenès mwen.

Jiska prezan, mwen toujou deklare mèvèy Ou yo.

18Wi, menm lè m vye ak cheve blanch, O Bondye, pa abandone m,

jiskaske mwen fin Sòm 22:31deklare fòs Ou a jenerasyon sila a,

ak pwisans Ou a tout sila k ap vini yo.

19Paske ladwati Ou, O Bondye, rive jis nan syèl yo.

Ou menm ki te fè gwo bagay yo.

O Bondye, se Det 3:24kilès ki tankou Ou menm?

20Ou menm ki te fè m wè anpil twoub ak gwo pwoblèm,

va fè m viv.

Ou va mennen mwen monte soti nan Sòm 86:13fon tè yo.

21Ke Ou fè lonè mwen vin plis e vire ban m konsolasyon ankò.

22Konsa, mwen va louwe Ou avèk ap la pou fidelite Ou, O Bondye mwen.

A Ou menm, mwen va chante lwanj avèk gita,

O II Wa 19:22Sila Ki Sen an Israël la.

23Lèv mwen va rele ak jwa lè mwen chante lwanj a Ou menm

pou Sòm 34:22 nanm mwen ke Ou te rachte a.

24Lang mwen, anplis, va pale ladwati Ou tout lajounen.

Paske yo wont, yo imilye,

Sila ki te chache fè m mal yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help