Sòm Yo 69 - Haitian Bible

Pou direktè koral la. Sou melodi “Lis Yo”. Yon Sòm David.

1Sove mwen, O Bondye,

paske Job 22:11 dlo yo fin monte jis nan kou m!

2Mwen desann fon nan labou.

Nanpwen plas pou pye m kenbe.

Mwen fin rive nan dlo fon yo,

e yon Jon 2:3 gwo inondasyon ap debòde sou mwen.

3Mwen Sòm 6:6 fatige nèt ak kriye mwen an.

Gòj mwen sèk nèt.

Zye m varye pandan mwen

ap tann Bondye mwen an.

4Sila ki Sòm 35:19 rayi mwen san koz yo plis pase cheve sou tèt mwen.

Sila ki ta detwi mwen yo pwisan e san rezon, yo fè lènmi avè m.

Sa ke m pa t janm vòlè, mwen oblije remèt li.

5O Bondye, Ou konnen Sòm 38:5 foli mwen.

Koupabilite mwen pa kache devan Ou.

6Pa kite sila k ap tann Ou yo vin II Sam 12:14 wont akoz mwen,

O Senyè BONDYE dèzame yo.

Pa kite yo vin dezonere akoz mwen menm, O Bondye Israël la.

7Paske pou koz Ou, mwen te pote repwòch.

Dezonè fin kouvri figi mwen.

8Mwen vin izole de frè m yo,

tankou yon etranje de fis a manman m yo.

9Epi akoz zèl mwen gen pou lakay Ou, yo manje m nèt.

Sòm 119:139 Repwòch a sila ki te repwoche Ou yo te vin tonbe sou mwen.

10Lè mwen te kriye Sòm 35:13 nan nanm mwen, e te fè jèn,

sa te vin yon repwòch pou mwen.

11Lè m te fè Sòm 35:13 twal sak sèvi kon rad mwen,

mwen te vin yon vye pawòl,

yon rizib pou yo menm.

12Sila ki Jen 19:1 chita nan pòtay yo pale afè mwen,

e moun sòt yo fè chan sou mwen.

13Men pou mwen, priyè mwen se a Ou menm, O SENYÈ,

Sòm 32:6 nan yon lè ki bon,

nan grandè lanmou dous Ou a.

Reponn mwen avèk sali verite Ou a.

14Delivre mwen sòti nan Sòm 69:2 labou a.

Pa kite mwen fonse nèt ladann.

Kite m delivre de sa yo ki rayi mwen yo, ak nan fon dlo yo.

15Pa kite Sòm 124:4-5 inondasyon dlo yo vin anvayi mwen,

ni fon an vale m,

ni fòs la fèmen bouch li sou mwen.

16Reponn mwen, O SENYÈ, paske lanmou dous Ou a bon;

Selon grandè a mizerikòd Ou, Sòm 25:16 vire kote mwen.

17 Sòm 27:9 Pa kache figi Ou de sèvitè Ou a,

paske mwen nan gwo pwoblèm.

Reponn mwen vit.

18Rale nanm mwen pre. Rachte l!

Sòm 119:134 Rachte mwen akoz lènmi mwen yo!

19Ou konnen Sòm 22:6 repwòch mwen, wont mwen, avèk dezonè mwen an.

Tout advèsè mwen yo devan Ou.

20Repwòch fin kraze kè m.

Mwen vin ba nèt.

Mwen te chache pitye, men pa t genyen;

Job 16:2 kondoleyans, men nanpwen.

21Anplis, yo te ban mwen fyèl kon manje ak Mat 27:34-48vinèg pou swaf mwen.

22Ke Wo 11:9-10 tab devan yo devni yon pèlen.

Lè yo nan tan lapè, kite li tounen yon pyèj.

23Ke És 6:10 zye yo vin twouble pou yo pa kab wè.

Ke do yo koube nèt.

24 Sòm 79:6 Vide kòlè Ou sou yo.

Ke fachèz kòlè Ou ki brile ka vini sou yo.

25Pou Mat 23:38 kan yo kapab dezole.

Pou pa gen moun ki rete ankò nan tant yo.

26Paske yo te pèsekite sila ke Ou menm És 53:4 te blese a.

Yo pale sou doulè a sila ke Ou menm te blese yo.

27Ogmante inikite sou inikite yo.

Ni És 26:10 pa kite yo antre nan ladwati Ou.

28Ke yo kapab efase soti nan liv lavi a.

Pou yo pa vin anrejistre nan achiv ak moun ladwati yo.

29Men mwen aflije e mwen nan doulè.

Ke delivrans Ou, O Bondye kapab plase mwen an sekirite an wo.

30Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo,

epi Sòm 34:3 leve Li wo avèk remèsiman.

31Se sa k ap Sòm 50:13-14 fè kè SENYÈ kontan plis pase yon bèf,

ni pase yon jenn towo avèk kòn ak zago.

32Enb yo te wè sa e yo kontan.

Nou menm ki chache Bondye, Sòm 22:26kite kè nou reprann fòs.

33Paske Sòm 12:5 SENYÈ a tande malere yo,

e Li pa meprize moun pa L ki prizonye yo.

34Kite syèl la avèk tè a louwe Li,

lanmè yo avèk És 55:12 tout sa ki fè mouvman ladann yo.

35Paske Bondye va delivre Sion e bati vil Juda yo,

pou yo kab rete la e posede li.

36Desandan a sèvitè Li yo va eritye li.

Sila ki renmen non Li yo Sòm 37:29 va rete ladann.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help