1
5Vini pou wè zèv Bondye yo.
Zèv etonnan anvè fis a lòm yo.
6Li te Egz 14:21 chanje lanmè a an tè sèch.
Yo te pase travèse Jos 3:16 rivyè apye.
La menm, nou te rejwi nan Li!
7Li renye ak pwisans pou tout tan.
Sòm 11:4 Zye Li veye sou nasyon yo.
Pa kite rebèl yo egzalte kont Li.
8Beni Bondye nou an, O pèp yo!
Fè lwanj Li Sòm 98:4 sone,
9ki Sòm 30:3 kenbe nou pami vivan yo,
e ki pa kite pye nou glise.
10Paske Ou te fè nou pase a leprèv, O Bondye.
Ou te És 48:10rafine nou tankou ajan konn rafine.
11Ou te Lam 1:13 rale nou antre nan filè a.
Ou te mete yon fado lou sou ren nou.
12Ou te fè moun És 51:23 monte sou tèt nou.
Nou te pase nan dife ak nan dlo,
men Ou te fè nou sòti antre yon kote avèk anpil abondans.
13Mwen va vini lakay Ou avèk Ofrann brile.
Mwen va Sòm 22:25peye Ou ve mwen yo,
14ki te sòti nan lèv mwen,
ke bouch mwen te pale lè m te Sòm 18:6 nan gwo twoub yo.
15Mwen va ofri a Ou menm yon ofrann brile nan grès a bèt gra yo,
avèk lafimen a Nonb 6:14belye yo.
Mwen va fè ofrann a towo yo avèk mal kabrit yo.
16Vin tande, nou tout ki gen lakrent Bondye
e mwen va Sòm 71:15-24 pale ou tout sa Li te fè pou nanm mwen.
17Mwen te kriye a Li menm avèk bouch mwen.
Ak lang mwen, mwen te Sòm 31:1 leve Li wo.
18Si mwen Job 36:21 gade inikite nan kè m,
Senyè a p ap koute mwen.
19Men anverite, Sòm 18:6 Bondye te tande.
Li te teni kont de vwa a priyè mwen.
20Beni se Bondye, ki pa t refize koute
lapriyè mwen,
ni ki pa t kache lanmou dous Li a sou mwen.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.