Sòm Yo 58 - Haitian Bible

Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon Sòm David

1Vrèman, èske nou pale ladwati, O lòt dye yo?

Èske nou Sòm 82:2 jije san fòt, O fis a lòm yo?

2Non, nan kè, nou Mal 3:15 fòmante inikite.

Sou latè, nou peze balans pou separe

bay vyolans ak men nou.

3Mechan yo pèvès depi nan vant.

Sila ki bay manti yo fè move wout depi nesans yo.

4Yo gen pwazon tankou Det 32:33pwazon sèpan.

Kon vipè soud ki bouche zòrèy li,

5pou li pa tande vwa a sila k ap chame li yo,

malgre se yon Ekl 10:11 majisyen abil k ap fè wanga.

6O Bondye, Job 4:10kraze dan nan bouch yo!

Kase gwo dan a jenn lyon an, O SENYÈ.

7Kite yo Jos 2:11koule disparèt tankou dlo k ap kouri sou tè.

Lè flèch li yo parèt, kite yo fèt tankou shaf san tèt.

8Kite yo tankou kalmason ki fonn,

ki vin disparèt pandan l ap mache,

tankou Job 3:16avòtman a yon fanm ki p ap janm wè solèy la.

9Avan chodyè ou yo kab santi dife pikan yo,

Li va Job 27:21bale yo fè yo disparèt nan van toubiyon;

vèt ak sila kap brile yo, ansanm.

10Moun ladwati a va rejwi lè l wè Det 32:43vanjans lan.

Li va lave pye li nan san a mechan yo,

11pou moun yo di: “Anverite, gen yon rekonpans pou moun ladwati yo.

Anverite, genyen yon Bondye k ap jije latè!”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help