1Fè m gras, O Bondye, paske lòm fin foule m anba pye;
Nan goumen tout lajounen, li vin Sòm 17:9oprime mwen.
2Lènmi m yo vle vale m tout lajounen.
Yo anpil! Tout sila ki goumen ak ògèy kont mwen yo.
3Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou.
4Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li!
Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.
Mwen p ap pè.
Sòm 118:6 Kisa lòm ka fè m?
5Tout lajounen, yo II Pi 3:16tòde pawòl mwen yo.
Tout panse yo kont mwen se pou mal.
6Yo atake, yo kache, yo veye pa mwen yo.
Y ap Sòm 71:10tann pou rache lavi m.
7Akoz mechanste sa a, Sòm 36:12jete yo deyò.
Nan kòlè Ou, fè desann moun sa yo, O Bondye!
8Ou te byen konte tout egare mwen fè.
Mete tout gout dlo ki sòti nan zye m yo nan boutèy Ou.
Èske yo tout pa ekri nan Mal 3:16liv Ou a?
9Konsa, lènmi mwen yo va vire fè bak nan jou ke m rele a.
Men sa m byen konnen: Bondye pou mwen.
10Nan Bondye, ma louwe pawòl li.
Nan SENYÈ a, ma louwe pawòl li.
11Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.
Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m?
12 Sòm 50:14 Ve Ou yo mare sou mwen, O Bondye.
Mwen va rann ofrann remèsiman a Ou menm.
13Paske Ou te delivre nanm mwen soti nan lanmò.
Ou te anpeche Sòm 116:8pye mwen glise tonbe,
pou m ta kab mache devan Bondye
nan limyè a moun vivan yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.