1Moun fou a di nan kè li: “Nanpwen Bondye”.
Yo konwonpi!
Yo fè zak enjis ki abominab.
Wo 3:10 Nanpwen ki fè sa ki bon.
2Bondye te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo,
pou wè si genyen Wo 3:11youn ki gen bon konprann, ka p chache Bondye.
3 Wo 3:12 Yo tout te vire akote.
Ansanm yo vin konwonpi.
Nanpwen nan yo ki fè byen, pa menm youn.
4Èske malfektè a mechanste sila yo pa gen okenn konesans,
ka p Jr 4:22manje pèp Mwen an konsi se pen yo manje,
epi ki pa rele Bondye?
5La, yo te nan gwo laperèz kote pa te gen laperèz,
paske Bondye te gaye zo a sila ki fè kan kont ou yo.
Ou te fè yo vin wont, akoz II Wa 17:20Bondye te rejte yo.
6O ke Sòm 14:7delivrans Israël ta parèt sòti Sion!
Lè Bondye restore pèp kaptif Li a,
kite Jacob rejwi, kite Israël fè kè kontan.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.