1Kè m debòde avèk yon bèl sijè.
Mwen resite vèsè mwen yo pou Wa a.
Lang mwen se plim a yon ekriven byen prepare.
2Ou pi bo pase tout lòt nan fis a lòm yo.
Luc 4:22 Lagras debòde sou lèv ou.
Pou sa, Bondye te beni ou jis pou tout tan.
3Mete nepe Ou sou kwis ou, O Sila Ki Pwisan an,
nan bèlte Ou avèk majeste Ou!
4Nan majeste Ou, Ou va monte nèt an viktwa.
Pou koz verite avèk So 2:3imilite, avèk ladwati,
kite men dwat Ou enstwi Ou bagay mèvèy yo.
5Flèch Ou yo filè.
Tout nasyon yo tonbe anba Ou,
epi flèch Ou yo II Sam 18:14 lantre nan kè lènmi a Wa a.
6Twòn Ou, O SENYÈ, se pou tout tan e pou tout tan;
Baton Sòm 98:9 ladwati a se baton wayal a wayòm Ou an.
7Ou te renmen ladwati e te rayi mechanste.
Pou sa, Bondye, Bondye pa Ou a,
te Sòm 2:2onksyone Ou avèk lwil lajwa plis ke moun parèy Ou yo.
8Tout vètman Ou yo santi tankou lami, womaren ak sitwonèl.
Soti nan palè livwa yo,lenstriman a kòd yo vin fè Ou kontan.
9Fi a wa yo vin pami fanm pi onore yo.
Sou I Wa 2:19men dwat Ou, kanpe rèn nan, abiye an lò ki sòti Ophir a.
10Koute byen, O fi, prete atansyon e panche zòrèy ou.
Det 21:13 Bliye pèp ou a avèk lakay papa ou.
11Konsa, wa a va dezire bèlte ou.
Akoz li se senyè ou, Ef 5:33vin bese ba devan L.
12Fi Sòm 87:4Tyr la va vini avèk yon kado.
Moun gwo riches pami pèp yo k ap chache favè ou.
13Lamarye a wa a bèl nèt anndan.
Vètman li Egz 39:2-3trese antre sòti avèk lò.
14Li va So 1:4mennen kote Wa a nan yon zèv bwodri.
Vyèj yo, konpanyen li yo, k ap swiv li va mennen bò kote Ou.
15Yo va mennen fè parèt avèk kè kontan ak anpil rejwisans.
Yo va antre nan palè a wa a.
16Nan plas a papa zansèt ou yo, va gen fis ou yo.
Ou va fè yo prens sou tout latè.
17Mwen va fè Mal 1:11non Ou sonje nan tout jenerasyon yo.
Akoz sa, tout pèp yo va bay Ou
remèsiman pou tout tan e pou tout tan.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.