Sòm Yo 22 - Haitian Bible

Pou direktè koral la, avèk mizik bich granmaten an;Yon sòm David.

1 Mat 27:46 Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou

te abandone m?

Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.

2O Bondye mwen, mwen Sòm 42:3kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn.

E nan lannwit men m pa jwenn repo.

3Sepandan, Ou sen;

Ou menm ki Det 10:21sou twòn lwanj pèp Israël la.

4Nan Ou menm, zansèt nou yo te mete konfyans yo.

Yo te mete konfyans yo nan Ou,

e Ou te Sòm 107:6delivre yo.

5A Ou menm, yo te kriye, e yo te delivre.

És 49:23 Nan Ou, yo te mete konfyans yo, epi pa t desi.

6Men mwen se yon Job 25:6vè,

mwen pa menm yon moun.

Parèt abominab devan lèzòm,

e meprize pa tout moun.

7Tout moun ki wè m vin moke mwen.

Yo Mat 27:39separe avèk lèv yo e yo

souke tèt yo pou di:

8Li mete konfyans nan SENYÈ a.

Kite Li menm delivre li.

Kite Li sove li, paske Li pran plezi nan li.

9Sepandan, Ou menm se Sila ki te

fè m sòti nan vant manman m nan.

Ou te fè m gen konfyans depi m

t ap souse tete manman m.

10Sou Ou, mwen te depann És 46:3depi nesans mwen.

Ou te Bondye mwen depi nan vant manman m.

11 Sòm 71:12 Pa rete lwen mwen, paske gwo twoub la toupre.

Paske nanpwen moun ki pou ede m.

12Anpil towo vin antoure m.

Towo fò a Det 32:14Basan yo te ansèkle m.

13Yo ouvri bouch yo byen laj sou mwen,

tankou yon Sòm 10:9lyon voras k ap rele fò.

14Mwen vin vide tankou dlo.

Tout zo m fin dejwente.

15Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari.

Lang mwen kole akote nan bouch mwen.

Jn 19:28 Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.

16Konsa, chen yo vin antoure mwen.

Yon bann malfektè vin ansèkle m.

Yo te Mat 27:35pèse dwat mwen avèk pye m.

17Mwen kab kontwole tout zo m yo.

Yo Luc 23:27-35gade mwen, yo fikse zye yo sou mwen.

18Yo Mat 27:35divize rad mwen pami yo.

Pou vètman m, yo tire osò.

19Men Ou menm, O SENYÈ, pa rete lwen!

Ou menm, sekou mwen, Sòm 70:5fè vit, vin rive ede m!

20Delivre nanm mwen devan Sòm 37:14nepe a,

lavi mwen devan pouvwa a chen an.

21Fè m sekou soti nan bouch a Sòm 22:13lyon an,

soti sou kòn a bèf mawon.

Wi, Ou menm te reponn mwen.

22Mwen va Sòm 40:10pale non Ou a frè m yo.

Nan mitan asanble a, mwen va louwe Ou.

23 Sòm 135:19-20 Ou menm ki krent SENYÈ a, louwe Li.

Nou tout, desandan Jacob yo, bay Li glwa!

Kanpe byen sezi devan L,

nou tout, desandan Israël yo.

24Paske Li pa t meprize ni

rayi afliksyon a aflije yo.

Ni Li pa t kache figi Li a li menm,

men Sòm 31:22lè li te kriye a Li pou sekou, Li te tande.

25Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòti

nan gran asanble a;

Mwen va Sòm 61:8akonpli ve mwen yo devan sila ki krent Li yo.

26Aflije yo va manje e Sòm 107:9va satisfè.

Sila ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a.

Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan!

27Tout Sòm 2:8ekstremite tè a nèt va sonje.

Yo va vire bò kote SENYÈ a.

Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va

adore devan Ou.

28Paske Za 14:9wayòm nan se pou SENYÈ a,

e pouvwa Li se sou tout nasyon yo.

29Tout moun Hab 1:16 byen reyisi sou latè va manje e adore.

Tout sila ki desann nan pousyè a va bese devan Li,

Menm sila ki pa kab fè nanm li viv la.

30Jenerasyon yo va sèvi Li.

Yo va pale de SENYÈ a

a Sòm 102:18desandan yo k ap vini an.

31Yo va vini.

Yo va deklare ladwati Li

a yon pèp ki Sòm 78:6va vin fèt.

Paske Li te reyisi fè tout bagay sa a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help