Sòm Yo 20 - Haitian Bible

Pou direktè koral la; Yon sòm David

1Ke SENYÈ a kapab reponn ou Sòm 50:15nan jou gran twoub la!

Ke non Bondye Jacob la kapab

kenbe ou ansekirite an wo!

2Ke Li kapab voye bay ou èd soti nan

sanktiyè a,

epi Sòm 110:2 bay ou soutyen soti nan Sion.

3Ke Li kapab Trav 10:4sonje tout ofrann sereyal ou yo,

ke Li twouve tout ofrann brile ou yo byen akseptab!

4Ke Li kapab bay ou dezi a kè ou,

e Sòm 145:19 akonpli tout plan ou yo!

5Nou va chante avèk jwa akoz viktwa ou.

Nan non Bondye nou an, nou va monte drapo nou yo.

Ke SENYÈ a kapab I Sam 1:17akonpli tout priyè ou yo.

6Alò, mwen konnen ke SENYÈ a

va delivre moun onksyone pa Li a.

Li va És 58:9reponn li soti nan syèl sen Li an,

avèk delivrans pwisan men dwat Li a.

7Genyen kèk ki fè konfyans nan cha yo, e kèk nan cheval yo,

II Kwo 32:8 Men nou va fè konfyans nan non SENYÈ a, Bondye nou an.

8Yo te pliye e yo te tonbe,

men Sòm 37:24nou te leve e nou te kanpe dwat.

9Delivre nou O SENYÈ!

Ke Sòm 3:7Wa a kapab reponn nou nan jou ke nou rele Non Li an.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help