1Moun fou a di nan kè l: “Nanpwen Bondye.”
Yo konwonpi.
Yo te fè zak abominab.
Wo 3:10-12 Nanpwen ki fè sa ki bon.
2SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la
sou fis a lòm yo pou wè si genyen
ki Sòm 92:6konprann, k ap chache Bondye.
3Yo tout te vire akote.
Ansanm yo te vin konwonpi.
Sòm 143:2 Nanpwen ki fè sa ki bon, pa menm youn.
4Èske tout malfektè inikite yo pa konnen,
sila Ki Jr 10:25manje pèp mwen yo
tankou y ap manje pen an,
san yo pa rele SENYÈ a?
5La, yo nan gwo danje,
paske Bondye rete avèk jenerasyon ki dwat la.
6Nou meprize bezwen aflije a,
men SENYÈ a se Sòm 46:1refij li.
7O ke sali Israël la ta sòti nan Sion!
Lè SENYÈ a Sòm 85:1-2restore pèp kaptif li a,
Jacob va rejwi, e Israël va gen kè kontan.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.