Sòm Yo 5 - Haitian Bible

Pou Direktè koral yo; fèt pou akonpanye ak flit. Yon Sòm David.

1 Sòm 54:2 Prete zòrèy Ou a pawòl mwen yo, O SENYÈ.

Konsidere refleksyon mwen yo.

2Koute bri kri sekou mwen yo,

Sòm 84:3 Wa mwen e Bondye mwen.

Pou Ou menm, mwen ap priye.

3Nan maten O SENYÈ, Ou va tande vwa mwen.

Nan maten mwen va vèse bay Ou lapriyè mwen yo.

M apSòm 130:5tann, m ap veye.

4Paske Ou se pa yon Bondye ki gen plezi nan mechanste.

Sòm 92:15 Nanpwen mal ki rete avèk Ou.

5Sila ki plen ògèy p ap kab kanpe devan zye Ou.

Sòm 11:5 Ou rayi tout sila ki fè inikite yo.

6Ou Sòm 52:4-5detwi sila ki pale sa ki fo yo.

SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san,

ki twonpe moun.

7Men pou mwen, pa gran lanmou

dous Ou a mwen va antre lakay Ou.

Nan tanp sen Ou an mwen va pwostène

mwen nèt an adorasyon.

8O SENYÈ, mennen m Sòm 31:1nan ladwati Ou akoz lènmi mwen yo.

Fè chemen Ou dwat devan mwen.

9Nanpwen anyen stab nan pawòl pa yo.

Anndan yo se pouriti menm.

Wo 3:13 Gòj yo se yon tonm ki louvri.

Yo fè flatè ak lang yo.

10Kenbe yo koupab, O Bondye.

Selon pwòp manèv pa yo, kite yo tonbe!

Nan fòs kantite peche yo pouse yo deyò, paske se Sòm 107:10 rebèl yo ye kont Ou.

11Men kite tout sila ki pran refij nan Ou yo, Sòm 64:10fè kè kontan.

Kite yo toujou chante ak kè kontan,

akoz Ou fè abri pou yo.

Kite sila ki renmen non Ou yo kapab

fè kè kontan nan Ou.

12Paske se Ou menm ki beni nonm ki dwat la, O SENYÈ,

Ou ki Sòm 32:7-10antoure li avèk gras Ou,

tankou yon boukliye.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help