Sòm Yo 2 - Haitian Bible

1Poukisa nasyon yo ap boulvèse konsa,

e pèp yo fòmante yon vye bagay?

2Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo

pran konsèy ansanm kont SENYÈ a,

e Jn 1:41kont onksyone pa Li a:

3“Annou Jr 5:5chire chenn sa yo,

e jete kòd ki mare nou yo!”

4Sila ki chita nan syèl la Sòm 37:13ri;

SENYÈ a ap moke yo.

5Anplis, Li va pale avèk yo nan Sòm 21:8-9kòlè Li.

Li va fè yo sezi nan kòlè Li.

6Men pou Mwen menm,

Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion,

Sòm 48:1-2 mòn sen Mwen an.

7Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a;

SENYÈ a te di Mwen: “Ou se Trav 13:33Fis Mwen.

Se jodi a, Mwen te fè Ou.

8Mande Mwen, e Mwen va bay Ou

Sòm 22:27 nasyon yo kon eritaj,

jis rive nan Sòm 67:7dènye pwent latè

kon posesyon pa Ou.

9Ou va Rev 2:26-27kase yo avèk yon baton fè,

Ou va Sòm 28:5kraze yo tankou veso kanari.”

10Konsa, O wa yo, Pwov 8:15sèvi ak sajès.

Fè atansyon, O jij sou latè yo.

11Adore SENYÈ a avèk gran respè e

rejwi avèk Sòm 119:119-120tranbleman.

12Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache,

epi ou ta mouri nan chemen an.

Paske gwo chalè Li kab limen ase vit.

A la beni se tout sila ki Sòm 5:11kache nan Li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help