Job 37 - Haitian Bible

1“Pou sa, menm kè mwen konn tranble.

Li vòltije kite plas li.

2Koute, O koute byen bri vwa L,

k ap Job 37:4-5gwonde tankou tonnè

ak bri tonnè a k ap sòti nan bouch Li.

3Anba tout syèl la, Li lage sa nèt ale,

ak loray Li jis rive nan Job 28:24tout pwent tè a.

4Apre sa, yon gwo vwa ki rele fò;

Li gwonde ak vwa majeste Li a.

Li pa menm ralanti eklè lè yo tande vwa L.

5Bondye gwonde avèk vwa mèvèy Li a.

L ap fè gwo bagay ke nou pa kab menm konprann.

6Paske a lanèj la, Li di: ‘Tonbe sou latè’,

e a Job 36:27inondasyon lapli a, Li di:

‘Kontinye tonbe fò’.

7Li sele men a chak òm,

pou Sòm 111:2tout moun kab konnen zèv Li yo.

8Konsa, tout bèt sovaj va antre nan Job 38:40kav yo

e rete lakay yo.

9Men sòti nan Job 9:9sid, tanpèt la parèt

e nan nò, fredi a.

10Soti nan souf Bondye, se Job 38:29glas ki fèt,

e sifas dlo yo vin glasi.

11Anplis, Li chaje vapè yo ak dlo e fè Job 37:15nwaj la vin lou;

Li fè nwaj la gaye pou vide ekleraj Li.

12Li chanje; Li gide l vire tounen

pou l kab fè nenpòt sa Li kòmande l sou tout És 14:21sifas tè a.

13Se swa pou Egz 9:18koreksyon, oswa pou mond Li an,

oswa pou I Wa 18:41-46lanmou dous Li a, Li fè sa vin rive.

14“Tande sa byen, O Job;

Kanpe, e obsève mèvèy Bondye yo.

15Èske ou konnen kijan Bondye etabli tout sila yo,

e fè ekleraj nan nwaj Li yo vin limen?

16Èske ou konnen bagay a chak kouch nan nwaj yo,

mèvèy a Sila a ki Job 36:4pafè nan konesans?

17Poukisa vètman ou cho lè tè a kalm akoz van sid la?

18Èske ou menm tou, ansanm avè L, ka ouvri Jr 10:12 syèl yo

ki gen gran fòs tankou yon miwa metal ki fann nan dife?

19Enstwi nou kisa pou nou ta pale Li;

paske akoz fènwa a, nou Job 9:14pa kab byen ranje ka nou.

20Èske yo va di Li ke mwen ta renmen pale?

Oswa èske yon nonm ta pito di ke li ta vle vin anglouti nèt?

21“Alò lezòm pa wè limyè ki klere nan syèl yo

sof ke van an fin pase e eklèsi nwaj yo.

22Sòti nan nò, se reyon majeste an lò;

Bondye antoure ak majeste etonnan.

23Toupwisan an,—nou pa kab jwenn Li.

Li egzalte nan pouvwa Li.

Éz 18:23-32 Jistis Li ak ladwati Li gran;

Li pa janm oprime.

24Se pou sa lezòm plen lakrent ak respe Li;

Li pa Mat 11:25konsidere okenn moun ki saj nan kè.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help