Job 31 - Haitian Bible

1“Mwen te fè yon akò ak Mat 5:28zye m;

alò kòman konsa mwen ta kab voye rega mwen sou yon vyèj?

2Paske se kisa ki Job 20:29pòsyon Bondye soti anwo a,

ak eritaj a Toupwisan an soti anwo a?

3Èske li pa yon malè pou sila ki pa dwat yo,

ak yon dezas pou Job 34:22sila ki fè inikite yo?

4Èske Li pa II Kwo 16:9wè chemen mwen yo

e kontwole tout pa mwen yo?

5“Si mwen te Job 15:31mache nan sa ki fo,

e pye m te kouri dèyè twonpe moun,

6(kite Li Job 6:2-3peze mwen nan yon balans ki jis

e kite Bondye konnen entegrite m).

7Si pa m yo te Job 23:11vire kite chemen an,

oswa kè m te swiv zye m,

oswa si gen yon tach ki kole sou men m,

8kite mwen Lev 26:16simen pou yon lòt ta manje,

e kite tout sa m plante vin rache.

9“Si kè m te Job 24:15sedwi pa yon fanm,

oswa mwen te mize nan pòtay vwazen mwen,

10kite madanm mwen graje pou yon lòt

e kite Det 28:30lòt yo vin kouche sou li.

11Paske sa ta yon krim Lev 20:10sansyèl;

anplis, li ta yon inikite ki ta dwe jije.

12Paske li ta yon dife ki pou limen jis rive nan Job 26:6 Sejou Lanmò yo

e ta derasine tout byen mwen ranmase yo.

13Si mwen te Det 24:14-15refize demand esklav mwen an,

gason kon fanm, lè l te fè yon plent kont mwen,

14alò, kisa mwen ta kab fè lè Bondye leve?

Konsa, lè L rele m pou jijman,

ki repons mwen ta kab bay Li?

15Èske Job 10:3Sila ki te fè m nan vant lan pa t fè li menm tou?

Se pa Li sèl ki te fòme nou nan vant lan?

16Si mwen te Job 5:16anpeche malere yo nan dezi yo,

oswa te fè zye a vèv la pa wè klè,

17oswa te manje pòsyon pa mwen pou kont mwen

san Job 29:12 òfelen an pa jwen ladann,

18(Men depi jenès mwen, òfelen an te grandi avè m tankou papa l

e soti nan anfans lan, mwen te fè gid pou vèv la),

19si mwen te wè yon moun peri akoz mank rad,

oswa ke Job 24:4sila ak bezwen pa t gen anyen pou kouvri l,

20si kè li pa t beni m,

si li pa t chofe ak lenn mouton mwen an,

21si mwen te leve men m kont Job 29:12òfelen an,

akoz mwen te wè soutyen mwen nan pòtay la,

22alò, kite zepòl mwen tonbe sòti nan zepòl li,

e Job 38:15bra m kase soti nan zo li.

23Paske m pè anpil malè Bondye a.

Li tèlman gran ak Job 13:11majeste,

m pa ka fè anyen devan L.

24Si se nan Job 22:24lò mwen te mete espwa m,

pou m te di lò fen a, ‘se ou ki konfyans mwen,’

25Si mwen te Job 1:3-10rejwi akoz byen mwen yo te tèlman gran,

e akoz men m te tèlman ranmase anpil;

26si mwen te Det 4:19gade solèy la lè l t ap brile,

oswa lalin nan lè li prale nan bèlte li,

27epi kè m te vin sedwi an sekrè,

e men mwen te voye yon bo ki sòti nan bouch mwen,

28sa osi ta yon inikite ki merite jijman,

paske mwen t ap Jos 24:27abandone Bondye anwo a.

29Èske mwen te Pwov 17:5rejwi lè lènmi m te vin disparèt nèt?

Oswa bat men m lè mal vin rive li?

30Non, Sòm 7:4mwen pa t kite bouch mwen peche,

ni mwen pa t mande pou l ta mouri avèk malediksyon.

31Èske mesye nan tant mwen yo pa t di:

‘Ou pa p twouve yon moun ki pa Job 22:7satisfè ak vyann pa li a?’

32Etranje a pa t rete deyò;

mwen te ouvri pòt mwen yo a vwayajè a.

33Èske m te Jen 3:10kouvri transgresyon mwen yo tankou Adam?

Oswa kache inikite mwen nan kè mwen,

34akoz mwen te Egz 23:2krent gwo foul la?

Oswa akoz krent gwo wont lan devan lòt fanmi yo,

te kenbe silans mwen e pa t sòti deyò?

35O ke m te gen yon moun ki pou tande mwen!

Gade byen, men otograf mwen! Kite Toupwisan an reponn mwen!

Mennen pwosè vèbal ke Job 27:7akizè a te ekri.

36Anverite, mwen ta pote l sou zepòl mwen;

mwen ta mare l sou mwen tankou yon kouwòn.

37Mwen ta deklare a Li fòs kantite pa pye mwen yo pran.

Tankou Job 1:3yon prens mwen ta parèt devan L.

38Si menm Job 24:2teren mwen an rele kont mwen,

e tout tranch li yo kriye ansanm;

39si mwen te manje fwi li san lajan,

oswa te I Wa 21:19kòz ke mèt li yo te pèdi lavi yo,

40kite Job 32:13pikan yo grandi olye ble

e zèb santi fò ranplase lòj la.”

Pawòl yo a Job se fini.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help