1 II Wa 18:1-3 Ézéchias te devni wa a laj venn-senkan. Li te renye pandan vent-nevan Jérusalem. Non manman li te Abija, fi Zacharie a.
2II Kwo 28:1Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a selon tout sa ke papa zansèt li a, David te fè.
3Nan premye ane règn li a, nan premye mwa a, li te II Kwo 28:24ouvri pòt lakay SENYÈ a e te repare yo.
4Li te mennen prèt yo avèk Levit yo, e te rasanble yo nan plas sou lès la.
5Konsa, li te di yo: “Koute mwen, O Levit yo. II Kwo 29:15-34Konsakre nou menm koulye a, konsakre lakay SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, e pote sa ki pa pwòp deyò pou l vin yon lye sen.
6Paske papa nou yo pa t fidèl. Yo te fè mal nan zye a SENYÈ Bondye nou an. Yo te abandone Li, e yo te Éz 8:16vire fas yo lwen plas kote SENYÈ a rete a. Yo te vire do yo.
7Anplis, yo te II Kwo 28:24fèmen pòt sou galeri yo, etenn lanp yo, e yo pa t brile lansan ni ofri ofrann brile nan lye sen Bondye Israël la.
8Pou sa, II Kwo 24:20kòlè SENYÈ a te kont Juda avèk Jérusalem, e Li te fè yo vin yon objè gwo etonman abominab avèk laperèz ak siflèt ki fèt sou yo, jan nou wè avèk pwòp zye nou an.
9Paske gade byen, pou sa, II Kwo 28:5-8papa zansèt nou yo fin tonbe anba nepe, e fis yo avèk fi yo avèk madanm nou yo vin nan esklavaj akoz sa.
10Alò, sa nan kè m II Kwo 23:16pou fè yon akò avèk SENYÈ a, Bondye Israël la, pou chalè kòlè Li a kapab detounen kite nou.
11Fis mwen yo, koulye a, pa kite nou vin lach nan moman sa a, paske Nonb 3:6SENYÈ a te chwazi nou pou kanpe devan L, pou fè sèvis pou Li, pou devni sèvitè Li epi brile lansan.”
12Konsa, Levit yo te leve: Machath, fis a Amasaï a, Joël, fis a Azaria a, soti nan fis a Keatit yo; epi soti nan fis a Merari yo, Kis, fis a Abdi a, Azaria, fis a Jehalléleel la; epi soti nan Gèshonit yo, Joach, fis a Zimma a, Éden, fis a Joach la;
13epi soti nan fis a Élitsaphan yo, Schimri avèk Jeïel, fis a Asapah yo, Zacharie avèk Matthania;
14epi soti nan fis a Héman yo, Jehiel avèk Schimeï; epi soti nan fis a Jeduthun yo, Schemaeja avèk Uzziel.
15Yo te rasanble frè yo, yo te II Kwo 29:5konsakre yo menm, e te antre I Kwo 23:28pou netwaye lakay SENYÈ a, selon kòmandman a wa a, selon pawòl SENYÈ a.
16Pou sa, prèt yo te antre nan pati enteryè lakay SENYÈ a pou netwaye li, epi chak bagay yo te twouve ki pa t pwòp nan tanp SENYÈ a, yo te mete li deyò nan lakou lakay SENYÈ a. Depi la, Levit yo te resevwa l pou pote l rive nan II Kwo 15:16Vale Cédron an.
17Alò, yo te kòmanse fè konsekrasyon an, epi II Kwo 29:3nan premye jou, nan premye mwa a, e nan uityèm jou nan mwa a, yo te rive sou galeri SENYÈ a. Konsa, yo te konsakre lakay SENYÈ a nan ui jou e yo te fini sou sèzyèm jou nan premye mwa a.
18Alò, yo te antre kote Wa Ézéchias la, e yo te di: “Nou fin netwaye tout kay SENYÈ a, lotèl ofrann brile a avèk tout zouti li yo ak tab pen konsakre a avèk tout zouti li yo.
19Anplis, II Kwo 28:24tout zouti ke Wa Achaz te abandone pandan règn enfidèl li a, nou te fin prepare e konsakre yo. Epi vwala, yo la devan lotèl SENYÈ a.”
20Konsa, Wa Ézéchias te leve bonè. Li te rasanble chèf lavil yo, e te monte vè lakay SENYÈ a.
21Yo te mennen sèt towo, sèt belye, sèt jèn mouton ak sèt mal kabrit Lev 4:3-14kòm ofrann peche pou wayòm nan, pou sanktyè a ak pou Juda. Epi li te kòmande prèt yo, fis a Aaron yo, pou ofri yo sou lotèl SENYÈ a.
22Konsa, yo te touye towo yo. Prèt yo te pran san an e te aspèje li sou lotèl la. Anplis, yo te touye belye yo, e te aspèje san an sou lotèl la. Yo te touye, osi, jèn mouton yo e te Lev 4:18aspèje san an sou lotèl la.
23Alò, yo te mennen mal kabrit yo pou ofrann peche devan wa a avèk asanble a, e Lev 4:15yo te poze men sou yo.
24Prèt yo te touye yo, e te lave lotèl la avèk san yo Lev 4:26pou fè ekspiyasyon pou tout Israël, paske wa a te kòmande ofrann brile avèk ofrann peche pou tout Israël.
25Apre, li te estasyone Levit yo lakay SENYÈ a avèk senbal yo, avèk ap e avèk linstriman kòd yo, II Kwo 8:14selon kòmand David la avèk II Sam 24:11Gad, konseye wa a, ak Nathan, pwofèt la; paske kòmand lan te sòti nan SENYÈ a pa pwofèt li yo.
26Levit yo te kanpe avèk I Kwo 23:5enstriman mizik a David yo, II Kwo 5:12prèt yo avèk twonpèt yo.
27Ézéchias te bay lòd pou fè ofrann brile sou lotèl la. Lè ofrann brile yo te kòmanse, II Kwo 23:18chan SENYÈ a te kòmanse tou avèk twonpèt yo, avèk enstriman a David yo, wa Israël la.
28Pandan tout asanble a t ap fè adorasyon, chantè yo osi t ap chante e twonpèt yo t ap sone; tout sa te kontinye jiskaske ofrann brile a te fini.
29Alò, nan fen tout ofrann brile yo, II Kwo 20:18wa a avèk tout moun ki te prezan avèk li yo te bese ba pou te fè adorasyon.
30Anplis, Wa Ézéchias avèk ofisye yo te kòmande Levit yo pou chante lwanj a SENYÈ a avèk pawòl a David yo, avèk Asaph, konseye a. Sòm 100:1Konsa, yo te chante lwanj avèk jwa e te bese ba pou te fè adorasyon.
31Epi Ézéchias te di: “Koulye a, akoz nou te konsakre nou menm a SENYÈ a, vin pre pou pote sakrifis avèk ofrann remèsiman lakay SENYÈ a.” Epi asanble a te pote sakrifis yo avèk ofrann remèsiman yo. Egz 35:5-22Tout moun ki te vle, yo te pote ofrann brile.
32Kantite a ofrann brile ke asanble a te pote yo te swasann-dis towo, san belye ak de-san jèn mouton. Tout sila yo te pou fè yon ofrann brile a SENYÈ a.
33Bagay konsakre yo te sis-san towo ak twa-mil mouton.
34Men prèt yo pa t ase e pou sa, yo pa t kapab kòche tout ofrann brile yo. II Kwo 35:11Konsa, frè yo nan Levit yo te ede yo jiskaske travay la te fini, e jiskaske lòt prèt yo te fin konsakre yo menm. Paske II Kwo 30:3Levit yo te pi dedye pou konsakre yo menm pase prèt yo.
35Te gen osi anpil ofrann brile avèk Lev 3:16grès a ofrann lapè yo, avèk Nonb 15:5-10ofrann bwason pou ofrann brile yo. Konsa, sèvis lakay SENYÈ a te vin etabli ankò.
36Epi Ézéchias avèk tout pèp la te rejwi sou sa ke Bondye te prepare pou pèp la, akoz bagay la te rive sibitman.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.