II Kwonik Yo 27 - Haitian Bible

1 II Wa 15:33-35 Jotham te gen laj venn-senkan lè l te devni wa a, e li te renye sèzan Jérusalem. Non manman li te Jeruscha, fis a Tsadok la.

2Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa Ozias te konn fè. II Kwo 26:16Men li pa t antre nan tanp SENYÈ a. E pèp la te kontinye aji konwonpi.

3Li te bati pòtay pi wo lakay SENYÈ a, e li te bati anpil menm sou II Kwo 33:14miray Ophel la.

4Anplis, li te bati II Kwo 11:5vil nan peyi kolin a Juda yo, e li te bati fò avèk fòterès sou ti kolin ki te bwaze yo.

5Li te goumen osi avèk wa Amonit yo, e li te genyen yo jiskaske Amonit yo te ba li nan menm ane sa a, san talan an ajan, di-mil barik ble ak di-mil barik lòj. Amonit yo te peye li menm fòs sa a nan dezyèm ak twazyèm ane a.

6II Kwo 26:5Konsa, Jotham te vin trè pwisan akoz li te fè afè li an lòd devan SENYÈ a, Bondye li a.

7II Wa 15:36Alò, tout lòt zèv a Jotham yo, menm tout gè li yo avèk zèv li yo, gade byen, yo ekri nan Liv A Wa Israël Avèk Juda Yo.

8Li te gen II Kwo 27:1venn-senkan lè l te vin wa e li te renye sèzan Jérusalem.

9Konsa, Jotham te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li lavil David. Achaz, fis li a, te devni wa nan plas li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help