II Kwonik Yo 21 - Haitian Bible

1 I Wa 22:50 Alò, Josaphat te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan vil David la; e Joram, fis li a, te vin wa nan plas li.

2Joram te gen frè, fis a Josaphat yo: Azaria, Micaël, avèk Schephathia. Tout sila yo te fis a Josaphat, wa II Kwo 12:6Israël la.

3Papa yo te ba yo anpil kado an ajan, lò, avèk bagay presye, II Kwo 11:5 avèk vil fòtifye nan Juda, men li te bay wayòm nan a Joram akoz li te premye ne.

4Lè Joram te fin kontwole wayòm papa li, e te fè pozisyon li byen solid, li te Jen 4:8touye tout frè li yo avèk nepe, ansanm ak kèk nan chèf Israël yo tou.

5II Wa 8:17-22Joram te gen trann-dezan lè l te devni wa e li te renye pandan uitan Jérusalem.

6I Wa 12:28-30Li te mache nan chemen a wa Israël yo, menm jan avèk lakay Achab, (II Kwo 18:1paske fi Achab la te madanm li) e li te fè mal nan zye a SENYÈ a.

7Men SENYÈ a pa t vle detwi lakay David akoz akò ke Li te fè ak David la, e II Sam 7:12-17akoz Li te fè pwomès pou bay yon lanp pou li avèk fis li yo jis pou tout tan.

8Pandan jou li yo, II Kwo 20:22-23Édom te fè rebèl kont otorite Juda yo, e yo te etabli yon wayòm pou kont yo.

9Konsa, Joram te travèse avèk chèf li yo ak tout cha li yo avèk li. Li te leve pandan nwit lan, e li te touye Edomit ki te antoure li yo, avèk chèf a cha yo.

10Akoz sa, Édom te fè rebèl kont Juda jis rive Jodi a. Epi Libna te fè rebèl menm lè a kont otorite li, akoz li te bliye SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo.

11Anplis, I Wa 11:7li te fè wo plas nan mòn Juda yo. Li te fè pèp Jérusalem nan Lev 20:5jwe pwostitisyon, e li te mennen Juda nan move wout.

12Pou sa a, yon lèt te vin kote li soti nan men Élie, pwofèt la. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a papa zansèt ou a, David: ‘Akoz II Kwo 17:3-4 ou pa t mache nan chemen a Josaphat, papa ou, ak nan chemen Asa, wa Juda a,

13men ou te mache nan chemen wa Israël yo, e ou te fè Juda avèk pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, I Wa 16:31-33jan lakay Achab te jwe pwostitisyon an. Anplis, ou te touye frè ou yo, pwòp fanmi pa w, ki te pi bon pase ou.

14Pou sa a, men gade, SENYÈ a va frape pèp ou a, fis ou yo, madanm ou yo ak tout byen ou yo avèk gwo malè.

15II Kwo 21:18-19Ou va vin soufri yon maladi ki rèd, yon maladi zantray ou, jiskaske zantray ou vin sòti akoz maladi a.’”

16SENYÈ a te II Kwo 17:11 boulvèse lespri Filisten yo kont Joram, ansanm ak Arab yo ki te nan lizyè Etyopyen yo.

17Yo te vini kont Juda pou te atake li, e yo te fè pote ale tout posesyon ke yo te jwenn lakay wa a, ansanm avèk fis li yo, ak madanm li yo, jiskaske pa t gen fis ki te rete pou li, sof II Kwo 25:23Joachaz, pi piti nan fis li yo.

18Konsa, apre tout bagay sa a, SENYÈ a te frape li II Kwo 21:15nan zantray li avèk yon maladi ki pa t kab geri.

19Alò, li te vin rive pandan tan ekoule a, nan fen dezan, ke zantray li te sòti akoz maladi li a, e li te mouri avèk gwo doulè. Epi pèp li a pa t fè dife pou li tankou II Kwo 16:14dife yo te fè pou papa zansèt li yo.

20Li te gen trann-dezan lè l te vin wa e li te renye Jérusalem pandan uitan. Lè l te mouri li te Jr 22:18-28san regrè a pèsòn. Yo te antere li lavil David, II Kwo 24:25 men pa nan tonm a wa yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help