II Kwonik Yo 17 - Haitian Bible

1 I Wa 15:24 Josaphat, fis li a te devni wa nan plas li, e li te fè pozisyon li sou Israël byen fèm.

2Li te mete sòlda nan tout II Kwo 11:5vil fòtifye Juda yo, e li te fè ganizon militè nan peyi Juda avèk nan vil Éphraïm II Kwo 15:8ke papa li, Asa te kaptire yo.

3SENYÈ a te avèk Josaphat akoz li te swiv egzanp a zansèt li a, David, nan premye jou li yo, e li pa t chache Baal yo,

4men li te chache Bondye a zansèt li yo. Li te swiv kòmandman li yo, e li I Wa 12:28pa t aji jan Israël te fè a.

5Pou sa, SENYÈ a te etabli wayòm nan sou kontwòl li, tout Juda te pote pèyman bay Josaphat e li te vin gen gwo richès avèk lonè.

6Li te fyè nan chemen SENYÈ a, e ankò li te rache wo plas yo avèk Asherim yo soti nan Juda.

7Konsa, nan twazyèm ane règn li a, li te voye reprezantan li yo, chèf Ben-Haïl yo, Abdias, Zacharie, Nethaneel, avèk Michée II Kwo 15:3pou enstwi nan vil a Juda yo;

8epi avèk yo II Kwo 19:8Levit yo, Schemaeja, Nethania, Zebadia, Adonija, Tobija ak Tob-Adonija; epi avèk yo, prèt yo, Élischama avèk Joram.

9Det 6:4-9Yo te enstwi Juda avèk liv lalwa SENYÈ a ke yo te genyen avèk yo. Konsa, yo te ale toupatou nan tout vil Juda yo pou te enstwi pami pèp la.

10Alò, II Kwo 14:14lakrent SENYÈ a te sou tout wayòm ki te antoure Juda yo, jiskaske yo pa t fè lagè kont Josaphat.

11Kèk nan Filisten yo te II Kwo 9:14pote kado avèk lò kòm pèyman bay Josaphat. Arabyen yo tou te pote bann bèt ba li, sèt-mil-sèt-san belye ak sèt-mil-sèt-san mal kabrit.

12Josaphat te vin grandi de plizanplis e li te bati fò avèk vil depo nan Juda.

13Li te gen anpil depo nan vil a Juda yo ak gèrye yo, mesye ki plen kouraj Jérusalem yo.

14Men kontwòl selon lakay a papa zansèt yo: nan Juda, chèf a dè milye yo, Adna, chèf la avèk twa-san-mil mesye plen kouraj;

15epi akote li, Jochanan, chèf la, avèk de-san-katre-ven-mil mesye plen kouraj;

16epi akote li, Amasia, fis a Zicri a, ki te konsakre volontèman a SENYÈ a, avèk de-san-mil mesye plen kouraj.

17Pou Benjamin: Éliada, yon nonm plen kouraj, avèk de-san-mil mesye lame avèk banza ak boukliye defans,

18epi akote li, Zozobad, avèk san-katreven-mil mesye pou fè lagè.

19Se te sila ki te nan sèvis wa yo, yo pa menm konte II Kwo 17:2sila ke wa a te pozisyone nan tout vil fòtifye pami tout Juda yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help