II Kwonik Yo 7 - Haitian Bible

1 I Wa 8:54 Alò, lè Salomon te fin fè priyè a, Lev 9:23dife a te sòti nan syèl la pou te boule ofrann brile a avèk sakrifis yo; e glwa a SENYÈ a te ranpli kay la.

2II Kwo 5:14Prèt yo pa t kab antre lakay SENYÈ a akoz glwa SENYÈ a te ranpli kay la.

3Tout fis Israël yo, lè yo te wè dife a desann, e glwa SENYÈ a sou kay la, yo te bese ba sou pave a avèk figi yo atè pou yo te adore e te bay lwanj a SENYÈ a. Yo te di:

II Kwo 5:13 “Konsa Li bon,

paske lanmou dous Li a dire pou tout tan,”

4 I Wa 8:62-63 Epi wa a avèk tout pèp la te ofri sakrifis devan SENYÈ a.

5Wa Salomon te ofri yon sakrifis a venn-de-mil bèf ak san-ven-mil mouton. Konsa, wa a avèk tout pèp la te dedye kay Bondye a.

6Prèt yo te kanpe nan pòs pa yo, e I Kwo 15:16-21Levit yo tou avèk enstriman mizik a SENYÈ a, ke Wa David te fè pou bay lwanj a SENYÈ a lè David te bay lwanj sèvis yo. E yo te di, “Paske lanmou dous Li a dire pou tout tan”. II Kwo 5:12Konsa, prèt yo te soufle twonpèt devan yo, epi tout Israël te kanpe.

7 I Wa 8:64-66 Salomon te konsakre mitan lakou ki te devan kay SENYÈ a pou fè l sen. Paske la, li te ofri ofrann brile ak grès ofrann lapè yo akoz lotèl an bwonz ke Salomon te fè a pa t kab kenbe ofrann brile a, ofrann sereyal la ak grès la.

8Konsa, I Wa 8:65Salomon te obsève fèt la nan tan sa a pandan sèt jou e tout Israël avèk li; yon trè gran asanble ki te sòti depi nan antre Hamath jis rive nan Jen 15:18flèv Égypte la.

9Nan uityèm jou a, yo te kenbe yon Lev 23:36asanble solanèl pou obsève dedikasyon lotèl la. Yo te obsève l pou sèt jou, e fèt la pandan sèt jou.

10Epi sou venn-twazyèm jou nan setyèm mwa a, li te voye pèp la nan tant yo, ranpli avèk jwa e avèk kè kontan, akoz bonte ke SENYÈ a te montre a David, a Salomon e a pèp Li a, Israël.

11 Lev 23:36 Se konsa Salomon te fini kay SENYÈ a avèk palè wa a, e li te acheve nèt tout sa ke li te fè plan pou fè lakay SENYÈ a ak nan kay pa li a.

12Konsa, SENYÈ a te parèt a Salomon nan nwit lan. Li te di l: “Mwen te tande lapriyè ou a, e Det 12:5-11Mwen te chwazi plas sa a pou Mwen menm kòm yon kay sakrifis.

13 II Kwo 6:26-28 “Si Mwen vin fèmen syèl yo pou pa gen lapli, oswa si Mwen kòmande krikèt yo pou devore latè, oswa si Mwen voye toumant pami pèp Mwen an,

14II Kwo 6:37-39epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.

15II Kwo 6:20-40Koulye a, zye M va louvri e zòrèy Mwen va vin atantif a lapriyè ki ofri nan plas sa a.

16Paske II Kwo 7:12koulye a, Mwen gen tan chwazi e konsakre kay sila a pou non Mwen kapab la jis pou tout tan. Zye Mwen ak kè Mwen va la pou tout tan.

17“Epi pou ou menm, si ou mache devan M tankou papa ou, David te mache a, fè selon tout sa ke Mwen te kòmande ou yo, e kenbe règleman Mwen yo avèk òdonans Mwen yo,

18alò, Mwen va etabli twòn wayal ou a jan Mwen te sèmante a David la, lè M te di: I Wa 2:4‘Ou p ap manke yon nonm ki pou gouvène an Israël.’

19 Lev 26:14-33 “Men si ou vire kite e abandone règleman Mwen yo, avèk kòmandman ke M te mete devan ou yo, pou ale sèvi lòt dye yo e adore yo,

20alò, Mwen va dechouke ou soti nan peyi ke M te ba ou a, ak kay sa a, ke Mwen te konsakre pou non pa Mwen an, Mwen va jete l andeyò vizaj Mwen, e Mwen va fè li yon pwovèb ak yon rizib pami tout pèp yo.

21Epi pou kay sila a, ki egzalte tèlman wo, tout moun ki pase kote li va etone e va di: Det 29:24-27“Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi sila a, e a kay sila a?

22Epi konsa, yo va reponn: ‘Akoz Jij 2:13 yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, ki te mennen yo soti nan peyi Égypte la, pou yo te adopte lòt dye yo, e te adore yo e te sèvi yo. Se pou sa, Li te mennen tout mal sila a sou yo.’”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help