I Kwonik Yo 27 - Haitian Bible

1Men chif kontwòl a fis Israël yo, chèf lakay zansèt yo, kòmandan a dè milye, a dè santèn yo, avèk chèf pa yo ki te sèvi wa a nan tout afè divizyon ki te antre sòti mwa pa mwa pandan tout mwa nan ane yo, chak divizyon te konte a venn-kat-mil sòlda:

2Sou II Sam 23:8-30tèt a premye divizyon an pou premye mwa a te Jaschobeam, fis a Zabdiel la; nan divizyon pa li a te gen venn-kat-mil òm.

3Sòti nan fis a Pérets yo, chèf a tout kòmandan lame a pou premye mwa a.

4Sou tèt a divizyon dezyèm mwa a te Dodaï, Achochit la; Mikloth te youn nan chèf yo nan divizyon pa li yo; epi li te gen nan divizyon pa li a, venn-kat-mil òm.

5Twazyèm kòmandan lame a pou twazyèm mwa a te Benaja, fis a prèt la, Jehojada kon chèf; epi nan divizyon pa li te gen venn-kat-mil òm.

6Benaja sila a se te nonm pwisan a trant yo e li te an chaj sou trant yo; epi Ammizadab, fis li a, te sou divizyon pa li.

7Katriyèm nan pou katriyèm mwa a te Asaël, frè a Joab la e apre li, Zebadia, fis li a; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.

8Senkyèm nan pou senkyèm mwa a te kòmandan Schamehuth, Jizrachit la; epi te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.

9Sizyèm nan pou sizyèm mwa a te Ira, fis a Ikkesch la, Tekoyit la; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.

10Setyèm nan pou setyèm mwa a te Hélets, Pelonit lan, sòti nan fis a Éphraïm yo; li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.

11Uityèm nan, pou uityèm mwa a te Sibbecaï, Ouchatit la, sòti nan Zerachit yo; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.

12Nevyèm nan pou nevyèm mwa a te Abiézer, Anathoth la, sòti nan Benjamit yo; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.

13Dizyèm nan pou dizyèm mwa a te Maharaï, Netofayit la nan fanmi Zerachit yo; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.

14Onzyèm nan pou onzyèm mwa a te Benaja, Piratit la, sòti nan fis Éphraïm nan; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.

15Douzyèm nan, pou douzyèm mwa a te Heldaï, Netofit la, sòti nan fanmi Othniel la; epi li te gen yon divizyon venn-kat-mil òm.

16Men chèf a tribi Israël yo. Chèf a Ribenit yo; Éliézer, fis a Icri a; pou Simeonit yo: Schephathia, fis a Maaca a;

17pou Levit yo: Haschabia, fis a Kemuel la; nan fanmi Aaron an: Tsadok;

18pou Juda: Élihu, frè a David la; pou Issacar: Omri, fis a Micaël la;

19pou Zabulon: Jischemaeja, fis a Abdias la; pou Nephthali: Jerimoth, fis a Azriel la;

20pou fis Éphraïm yo: Hosée, fis a Azazia a; pou mwatye tribi a Manassé a: Joël, fis a Pedaja a;

21pou mwatye tribi Manassé nan Galaad: Jiddo, fis a Zacharie a, pou Benjamin: Jaasiel, fis a Abner a;

22pou Dan: Azareel, fis a Jerocham nan. I Kwo 28:1Sila yo se te chèf a tribi Israël yo.

23Men David pa t kontwole sila nan laj ventan oswa mwens yo, I Kwo 21:2-5akoz SENYÈ a te di Li ta miltipliye Israël kon zetwal syèl yo.

24Joab, fis a Tseruja a, te kòmanse fè gwo kontwòl la, men li pa t fini; epi akoz II Sam 24:12-15gwo kòlè sa a ki te vin rive sou Israël e fòs kantite a pa t ladann nan chif kontwòl a Wa David la.

25Alò, Azmaveth, fis Adiel la te an chaj depo trezò a wa a. Epi Jonathan, fis a Uzias la, te gen chaj a depo andeyò yo, nan vil yo, nan ti bouk yo ak nan wo fò anlè yo.

26Ezri, fis a Kelub la te responsab tout ouvriye agrikòl ki te travay tè yo.

27Schimeï, Ramatit la te gen chaj sou chan rezen yo; epi Zabdi, Shefamit lan, te an chaj tout pwodwi a chan rezen ki te depoze nan depo diven anba tè yo.

28Baal-Hanan Gedetit la, te an chaj chan bwa oliv ak bwa I Wa 10:27sikomò nan gran plèn nan e Joasch te an chaj depo lwil yo.

29Schithraï, Sawonit lan te an chaj bèt ki t ap manje nan I Kwo 5:16Saron yo; epi Schaphath, fis a Adlaï a, sou bèf ki te nan vale yo.

30Obil, Izmayelit la, te an chaj chamo yo; epi Jechdia, Mewonotit la, te an chaj bourik yo.

31Jaziz, Agarenyen an, te an chaj bann mouton yo. Tout sila yo te sipèvizè nan tèren ki te apatyen a Wa David la.

32Anplis, Jonathan, tonton David la, te yon konseye, yon nonm ak bon konprann e yon skrib; epi Jehiel, fis a Hacmoni an, te pwofesè a fis Wa yo.

33II Sam 15:12Achitophel te yon konseye a wa a e Huschaï, Akyen an, te zanmi a wa a.

34Jehojada, fis a Benaja a avèk I Kwo 1:7Abiathar te ranplase Achitophel; epi Joab te I Kwo 11:6 kòmandan lame wa a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help