1Konsa David te di: I Kwo 21:18-28“Sa se lakay SENYÈ a, Bondye a, e sa se lotèl ofrann brile pou Israël la.”
2Pou sa, David te bay lòd pou ranmase tout etranje ki te nan peyi Israël yo. Konsa, I Wa 5:17-18li te mete taye wòch nan travay pou koupe wòch pou bati kay Bondye a.
3David te I Kwo 29:2-7prepare yon gran kantite fè pou fè klou pou pòt pòtay yo ak pou kranpon yo e plis bwonz ki ta kab peze yo.
4Epi twòn bwa sèd yo te depase kontwòl, paske I Wa 5:6-10Sidonyen yo avèk Tyriens yo te mennen gran kantite a twòn bwa sèd yo kote David.
5David te di: “Fis mwen, I Wa 3:7Salomon jèn, epi manke eksperyans. Epi kay k ap bati pou SENYÈ a va tèlman ekstrawòdinè, byen koni toupatou, e k ap renome pou glwa li nan tout peyi yo. Se pou sa ke mwen va fè preparasyon pou li.” Konsa, David te fè anpil preparasyon avan l te mouri.
6Alò, I Wa 2:1li te rele fis li a, Salomon e te òdone li pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye Israël la.
7David te di a Salomon: II Sam 7:2-3“Fis mwen, mwen te gen entansyon pou bati yon kay a non SENYÈ a, Bondye mwen an.
8Men pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: I Kwo 28:3Ou gen tan vèse anpil san, e te fè gwo lagè sou latè. Ou pa p bati yon kay pou non mwen, akoz ou te vèse anpil san sou latè devan zye m.
9Men gade byen, youn fis ki va ne a ou menm yo, va yon moun lapè. Konsa, I Wa 4:20-25Mwen va bay li repo soti nan tout lènmi li yo nan tout kote. Paske non li va Salomon e mwen va bay lapè avèk kalm an Israël nan jou pa li yo.
10II Sam 7:13-14Li va bati yon kay pou non Mwen. Li va fis Mwen e Mwen va papa li. Konsa, mwen va etabli twòn wayòm li sou Israël jis pou tout tan.
11Koulye a, fis mwen an, ke I Kwo 22:16SENYÈ a kapab avèk ou, pou ou kapab byen reyisi, e bati lakay SENYÈ a, Bondye pa w la, jis jan ke li te pale selon ou menm nan.
12I Wa 3:9-12Sèlman ke SENYÈ a ta kapab bay ou sajès avèk konprann pou fè ou renye sou Israël, pou ou kapab kenbe lalwa a SENYÈ a, Bondye ou a.
13I Kwo 28:7Konsa, ou va byen reyisi, si ou fè atansyon pou swiv règleman avèk lòd ke SENYÈ a te kòmande Moïse selon Israël yo. Jos 6:9Kenbe fèm e pran kouraj. Pa dekouraje, ni pa krent anyen.
14Alò, gade byen, avèk gwo lapèn mwen te prepare pou lakay SENYÈ a, san-mil talan lò, yon-milyon talan ajan e bwonz avèk fè ki depase peze, akoz yo tèlman anpil. Anplis, gran twòn bwa avèk wòch ke m te prepare, e ou gen dwa mete sou yo toujou.
15Anplis, gen anpil ouvriye ki avèk ou, tayè wòch, avèk mason ak chapant e tout mesye ak kapasite nan tout kalite mendèv.
16Selon lò, ajan ak bwonz avèk fè, nanpwen limit. Leve, fè travay ou e I Kwo 22:11ke SENYÈ a kapab avèk ou.”
17Anplis, I Kwo 28:1-6David te kòmande tout chèf Israël yo pou ede fis li a, Salomon. Li te di:
18“Èske SENYÈ a, Bondye nou an, pa avèk nou? Konsa, I Kwo 22:9èske Li pa t bannou repo sou tout kote? Paske Li te livre sila ki viv nan peyi yo nan men m, e peyi a soumèt nèt devan SENYÈ a ak devan pèp Li a.
19Alò, I Kwo 28:9bay kè nou avèk nanm nou pou chache SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, leve pou bati sanktiyè SENYÈ a, Bondye a, pou nou kapab pote lach akò SENYÈ a avèk veso sakre Bondye yo antre nan kay ki va bati pou non a SENYÈ a.”
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.