I Kwonik Yo 20 - Haitian Bible

1Li te vin rive nan prentan, nan lè ke wa yo konn sòti fè lagè, ke Joab te mennen sòti lame a, e te ravaje peyi a fis a Ammon yo. Li te vin fè syèj kont Rabba. Men David te rete Jérusalem. II Sam 12:26Joab te frape Rabba e te boulvèse li nèt.

2II Sam 12:30-31David te retire kouwòn a wa pa yo soti sou tèt li. Li te twouve ke li te peze yon talan lò, e te gen pyè presye yo ladann. Konsa, yo te plase li sou tèt a David. Konsa, li te mennen fè sòti piyaj nan vil la, yon trè gran kantite.

3Li te mennen fè sòti moun ki te ladann yo, II Sam 12:31 te koupe yo avèk si ak enstriman file e avèk rach. Konsa David te fè a tout vil ki te pou fis a Ammon yo. Alò David avèk tout moun yo te retounen Jérusalem.

4 II Sam 21:18-22 Alò li te vin rive apre sa ke lagè te vin pete nan Guézer avèk Filisten yo. Konsa, Sibbecaï, Oushatit la, te touye Sippaï, youn nan desandan a jeyan yo, e yo te vin soumèt yo.

5Te gen lagè avèk Filisten yo ankò e Elchanan, fis a II Sam 21:19Jaïr a, te touye frè a Goliath la, Gatit la. Shaf a lans li an te gwo tankou shaf aparèy tise a.

6Ankò, te gen lagè avèk Gath kote te gen yon nonm gran wotè ki te genyen venn-kat dwèt ak zòtèy, sis avèk sis e li menm, osi, te yon desandan a jeyan yo.

7Lè li te voye defi bay Israël, Jonathan, fis a Schimea a, frè David la, te touye li.

8Mesye sila yo te jeyan Gath yo e yo te tonbe pa lamen David, ak lamen sèvitè li yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help