I Kwonik Yo 15 - Haitian Bible

1Alò, David te bati kay pou li menm nan lavil David. Epi li te prepare yon plas pou lach Bondye a e te I Kwo 15:3monte yon tant pou li.

2Alò, David te di: Nonb 4:15“Pèsòn pa pou pote lach Bondye a sof ke Levit yo, paske SENYÈ a te chwazi yo pou pote lach Bondye a e pou fè sèvis a Li pou tout tan.”

3Konsa, I Wa 8:1David te rasanble tout Israël Jérusalem pou pote fè monte lach Bondye a nan plas ke li te prepare pou li a.

4David te rasanble tout fis a Aaron yo ak I Kwo 6:16-30Levit yo:

5Fis a Kehath yo, Uriel, chèf avèk frè li yo ak san-ven nan moun fanmi li yo;

6fis a Merari yo, Asaja, chèf la ak de-san-ven nan fanmi pa li yo;

7nan fis a Guerschom yo, Joël, chèf la ak san-trant nan fanmi pa li yo;

8nan fis a Élitsaphan yo, Schemaeja, chèf la ak de-san nan fanmi pa li yo;

9nan fis a Hébron yo, Éliel, chèf la ak katre-ven mesye nan fanmi pa li yo;

10nan fis a Uziel yo, Amminadab, chèf la ak san-douz mesye nan fanmi pa li yo.

11Alò, David te rele I Kwo 12:28Tsadok ak I Sam 22:20-23Abiathar, prèt yo ak Levit yo, Uriel, Asaja, Joël, Schemaeja, Éliel ak Amminadab.

12Li te di yo: “Nou se chèf lakay zansèt nou yo pou Levit yo. Egz 19:14-15Konsakre nou menm, ni nou, ni manm fanmi pa nou, pou nou kapab pote fè monte lach SENYÈ a, Bondye Israël la, rive nan plas ke m te prepare pou li a.

13II Sam 6:3Akoz nou pa t pote l nan kòmansman an, SENYÈ a, Bondye pa nou an, te fè yon sèl pete sou nou, paske nou pa t chache Li selon règ li yo.”

14 I Kwo 15:12 Pou sa, prèt yo avèk Levit yo te konsakre yo menm pou pote fè monte lach SENYÈ a, Bondye Israël la.

15Fis Egz 25:14Levit yo te pote lach Bondye a sou zepòl pa yo avèk poto ki tache ladann, kon Moïse te kòmande yo pa pawòl SENYÈ a.

16Epi David te pale avèk chèf Levit yo, I Kwo 13:8pou dispoze fanmi pa yo, chantè yo, avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo, senbal ki sonnen fò yo, pou fè leve kri lajwa yo.

17Konsa, I Kwo 25:1Levit yo te chwazi Héman, fis a Joël la e soti nan fanmi pa li a, Asaph, fis a Bérékia a; epi soti nan fis a Merari yo avèk fanmi pa yo, Éthan, fis a Kuschaja a;

18epi avèk yo, fanmi a dezyèm nivo a, Zacharie, Ben, Jaaziel, Schemiramoth, Jehiel, Unni, Éliab, Benaja, Maaséja, Matthithja, Éliphelé, avèk Miknéja, ak pòtè yo, Obed-Édom avèk Jeïel, gadyen pòt yo.

19Konsa chantè yo, Héman, Asaph ak Éthan pou fè sonnen senbal bwonz yo;

20epi Zacharie, Aziel, Schemiramoth, Jehiel, Unni, Éliab, Maaséja ak Benaja avèk ap ki te fè son selon Alamòt la;

21epi Matthithia, Éliphelé, Miknéia, Obed-Édom, Jeïel avèk Azazia, pou pran avan avèk ap uit kòd pou kondwi chan an.

22Kenania, chèf Levit yo, te an chaj chante a. Li te bay enstriksyon nan chante a paske li te fò.

23Bérékia avèk Elkana te gadyen pòtay pou lach la.

24Schebania, Josaphat, Nethaneel, Amasaï, Zacharie, Benaja ak Éliézer, prèt yo te I Kwo 15:28soufle twonpèt yo devan lach a Bondye a. Obed-Édom avèk Jechitja te gadyen pòtay lach la.

25 II Sam 6:12-15 Konsa David, avèk lansyen Israël yo, avèk kapitèn a dè milye yo, te ale pou pote fè monte lach akò SENYÈ a soti lakay Obed-Édom nan mitan yon gran rejwisans.

26Akoz Bondye t ap ede Levit ki t ap pote lach akò SENYÈ yo, yo te fè sakrifis Nonb 23:1-29sèt towo ak sèt belye.

27Alò, David te abiye avèk yon manto len fen, menm avèk tout Levit ki t ap pote lach la, e chantè yo avèk Kenania, chèf mizik pami chantè yo. Epi II Sam 6:14David te abiye osi ak yon efòd an len.

28Konsa, tout Israël te pote monte lach akò SENYÈ a avèk gwo kri, avèk son a kòn soufle, avèk twonpèt, avèk gwo bwi a senbal, avèk ap ak gita.

29Li te rive lè lach akò SENYÈ a te vini nan vil David la, ke II Sam 3:13Mical, fi a Saül la, te gade deyò fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije e selebre. Konsa, li te meprize li nan kè l.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help