I Kwonik Yo 13 - Haitian Bible

1Alò, David te fè konsèy ansanm avèk kapitèn a dè milye a dè santèn, menm avèk chak chèf.

2David te di a tout asanble Israël la: “Si li sanble bon a nou menm e si li soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, annou voye toupatou mesaje a fanmi pa nou ki rete nan peyi Israël yo e osi, a prèt avèk Levit ki avèk yo nan vil pa yo, avèk teren pa yo, pou yo kapab reyini ansanm avèk nou.

3Konsa, annou pote tounen lach Bondye pa nou an, I Sam 7:1-2paske nan jou Saül yo, nou pa t chache li.”

4Alò, tout asanble a te di ke yo ta fè l, paske bagay la te bon nan zye a tout pèp la.

5Konsa, David te rasanble tout Israël ansanm, soti nan Sichor nan Egypte jis rive nan antre Hamath, pou pote lach Bondye a soti Kirjath-Jearim.

6 II Sam 6:2-11 David avèk tout Israël te monte Baalah, sa vle di nan Kirjath-Jearim, ki apatyen a Juda, pou pote monte soti la, lach Bondye a, SENYÈ a, ki sou twòn li antre cheriben yo, kote non Li ap rele a.

7Yo te pote lach Bondye a sou yon kabwèt nèf soti lakay Abinadab, Uzza avèk Achjo te kondwi kabwèt la.

8David avèk tout Israël t ap selebre devan Bondye avèk tout fòs yo, I Kwo 15:16menm avèk chan, avèk gita yo, ap yo, tanbouren yo, senbal yo ak twonpèt yo.

9Lè yo te rive nan II Sam 6:6glasi vannen an nan Cidon, Uzza te lonje men l pou bay soutyen a lach la akoz bèf yo te prèt pou chavire l.

10Lakòlè SENYÈ a te brile kont Uzza e Li te frape li I Kwo 15:13-15akoz li te lonje men l vè lach la; epi li te mouri la devan Bondye.

11Konsa, David te vin fache akoz kòlè SENYÈ a te pete kont Uzza. Li te rele plas sa a Pérets-Uzza jis rive jodi a.

12David te krent Bondye nan jou sa a, epi te di: “Kijan mwen kapab pote lach Bondye lakay mwen?”

13Pou sa, David pa t pran lach la avèk li lavil David, men te pran l sou kote I Kwo 15:25kay Obed-Édom an nan Gath.

14Konsa, lach Bondye a te rete avèk fanmi a Obed-Édom lakay li pandan twa mwa. Epi I Kwo 26:4-5SENYÈ a te beni fanmi Obed-Édom an avèk tout sa li te genyen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help