II Wa Yo 9 - Haitian Bible

1Alò, Élisée, pwofèt la, te rele youn nan II Wa 2:3fis a pwofèt yo. Li te di li: “Mare senti ou e I Sam 10:1pran bokal lwil nan men ou pou monte Ramoth-Galaad.

2Lè ou rive la, chache jwenn I Wa 19:16-17Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a. Antre ladann, mande li vin apa de frè li yo. Mennen li nan yon chanm anndan.

3Konsa, pran bokal lwil la, vide li sou tèt li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a; II Kwo 22:7 “Mwen te onksyone ou wa sou Israël.”’ Epi konsa, louvri pòt la, kouri sove ale! Pa tann!”

4Konsa, II Wa 9:1jennonm nan, sèvitè pwofèt la, te ale Ramoth-Galaad.

5Lè l rive, men vwala, kapitèn a lame yo te chita. Li te di: “Mwen gen yon pawòl pou ou O kapitèn.”

Jéhu te reponn: “Pou kilès nan nou?”

Li te di: “Pou ou, O kapitèn.”

6Li te leve pou antre nan kay la. Li te vide lwil sou tèt li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, I Sam 2:7-8 Mwen te onksyone ou Wa sou pèp SENYÈ a, sou Israël menm.

7Ou gen pou frape lakay Achab, mèt ou a, pou Mwen kapab fè revandikasyon I Wa 18:4san a sèvitè mwen yo, pwofèt yo ak san a tout sèvitè SENYÈ yo, pa men Jézabel.

8‘Paske tout lakay Achab va peri e I Wa 21:21Mwen va koupe retire sou Achab tout gason, ni esklav, ni lib an Israël.

9I Wa 14:10-11Mwen va fè lakay Achab vin tankou lakay Jéroboam, fis a Nebath la, e I Wa 16:3-12tankou lakay Basha, fis Achija a.

10I Wa 21:23Chen ap manje Jézabel nan teritwa Jizréel la, e nanpwen moun k ap antere li.’” Konsa, li te ouvri pòt la e te sove ale.

11Alò Jéhu te sòti deyò kote sèvitè mèt li yo. Youn nan yo te mande l: “Èske tout bagay byen? Poukisa Jr 29:26nonm fou sila a te vin kote ou a?” Li te reponn yo:

“Ou konnen nonm sila a avèk tout sa li pale yo.”

12Yo te di:

“Sa se manti. Pale nou koulye a.”

Li te di: “Li te di m, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen te onksyone ou wa sou Israël”’”.

13Konsa, Mat 21:7-8yo te fè vit, chak moun te pran vètman pa yo, te plase yo anba li sou mach la. Yo te I Wa 1:34-39soufle twonpèt la e yo t ap di: “Jéhu se wa a!”

14Konsa Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a, te fè konplo kont Joram. I Wa 22:3Alò, Joram avèk tout Israël t ap defann Ramoth-Galaad kont Hazaël, wa Syrie a.

15Men II Wa 8:29Wa Joram te fin retounen a Jizréel pou geri akoz blesi ke Siryen yo te ba li lè li te goumen avèk Hazaël, wa Syrie a. Konsa, Jéhu te di: “Si sa se volonte ou, pa kite pèsòn chape kite vil la pou ale pale Jizréel.”

16Alò, Jéhu te monte yon cha pou te ale Jizréel, paske Joram te kouche la. II Wa 8:29Achazia, wa Juda a, te deja desann pou wè Joram.

17Koulye a, gadyen an te kanpe sou fò Jizréel, e li te wè konpanyen Jéhu, pandan li t ap vini. Li te di: “Mwen wè yon konpanyen.”

Joram te di: “Pran yon chevalye, voye li rankontre yo e kite li di: ‘Èske sa an pè?’”

18Konsa, yon chevalye te ale rankontre li. Li te di: “Konsa pale wa a: ‘Èske sa an pè?’”

Jéhu te reponn: II Wa 9:19-22“Kisa ou gen pou fè avèk lapè? Vire dèyè mwen.”

Konsa, gadyen an te bay rapò a. “Mesaje a te rive kote yo, men li pa t retounen.”

19Li te voye yon dezyèm chevalye, ki te rive kote yo. Li te di: “Konsa pale wa a: ‘Èske sa an pè?’”

Jéhu te reponn: “Kisa ou gen pou fè avèk lapè? Vire dèyè mwen.”

20Gadyen an te bay rapò a: “Lè te rive kote yo menm, men li pa t retounen, epi II Sam 18:27kondwi li se tankou kondwi a I Wa 19:17Jéhu, paske li kondwi tankou moun anraje.”

21Konsa, Joram te di: “Fè cha a vin parèt.”

Epi yo te prepare cha li a. II Kwo 22:7Joram, wa Israël la, avèk Achazia, wa Juda a te sòti yo chak nan cha pa yo, yo te ale rankontre Jéhu, e yo te twouve li sou tèren Naboth la, Jizreyelit la.

22Lè Joram te wè Jéhu, li te di: “Èske sa an pè, Jéhu?”

Epi li te reponn: “Ki lapè sa a, I Wa 16:30-33kòmsi zak pwostitiye manman ou Jézabel avèk vye maji pa li yo tèlman anpil?”

23Alò, Joram te frennen cha a, tou vire e te sove ale. Li te pale Achazia: II Wa 11:14“Trayizon, O Achazia!”

24Konsa, I Wa 22:34Jéhu te rale banza li ak tout fòs e te tire Joram antre bwa li. Flèch la te pase nan kè l e li te bese desann nan cha li.

25Alò, Jéhu te pale ak Bidqar, adjwen li an: “Pran l e jete l nan I Wa 21:1chan Naboth la, Jizreyelit la, paske mwen sonje lè ou avèk mwen te monte kouri ansanm dèyè Achab, papa li, ke SENYÈ a te pwononse pawòl sa a kont li:

26I Wa 21:13-19‘Anverite, Mwen te wè ayè, san Naboth la ak san a fis li yo,’ pale SENYÈ a, ‘epi, Mwen va rekonpanse ou nan teren sa a’, pale SENYÈ a. Alò, pou sa, pran l e jete l nan teren an, selon pawòl SENYÈ a.”

27 II Kwo 22:7 Lè Achazia, wa Juda a te wè li, li te sove ale pa chemen kay jaden an. Epi Jéhu te kouri dèyè li e te di: “Tire li tou, nan cha a.” Konsa, li te fèt sou ti pant Gur a, ki Jos 17:11Jibleam nan. Men li te sove ale rive Méguiddo, e la li te mouri.

28II Wa 23:30Sèvitè li yo te pote li nan yon cha rive Jérusalem e yo te antere li nan tonm pa li avèk zansèt li yo nan vil David la.

29Alò, II Wa 8:25nan onzyèm ane règn Joram la, fis Achab la, Achazia te devni wa sou Juda.

30Lè Jéhu te vini Jizréel, Jézabel te tande sa. Jr 4:30Li te pentire zye li, li te byen dekore tèt li e li te gade deyò fenèt la.

31Lè Jéhu te antre nan pòtay la, li menm Jézabel te di: I Wa 16:9-20“Èske tout bagay byen, Zimri, asasen mèt pa w la?”

32Jéhu te leve figi li vè fenèt la e te di: “Se kilès ki pou mwen? Kilès?”

Konsa, de oswa twa linik ren nan te gade anba kote li.

33Li te di: “Jete li anba.”

Konsa, yo te jete li anba e kèk nan san li te vòltije jis sou miray la ak sou cheval yo, epi li te foule anba pye yo.

34Lè Jéhu te antre, li te manje e bwè. Konsa, li te di: “Okipe koulye a de I Wa 21:25fanm modi sila a e antere li; paske I Wa 16:31se fi a wa a ke li ye.”

35Yo te ale antere l, men yo pa t jwenn plis ke zo tèt la, pye yo avèk pla men yo.

36Pou sa, yo te retounen pou te pale li.

Konsa, li te di: “Sa se pawòl SENYÈ a, ke Li te pale pa sèvitè li, Élie, Tichbit la. Li te di: I Wa 21:23‘Nan teren Jizréel la, chen yo va manje chè Jézabel,

37epi Jr 8:1-3kadav Jézabel va tankou fimye bèt sou sifas chan nan teren Jizréel la, jiskaske yo pa ka di: “Sa se Jézabel.”’”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help