II Wa Yo 2 - Haitian Bible

1Li te vin rive lè SENYÈ a te prèt pou Eb 11:5ranmase Élie monte nan syèl nan yon van toubiyon, ke Élie te ale avèk I Wa 19:16-21Élisée sòti Guilgal.

2Epi li te rive ke Élie te di a Élisée: “Rete isit la, souple; paske SENYÈ a te voye mwen jis Béthel.”

Men Élisée te di: Rt 1:16“Jan SENYÈ a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa, yo te desann Béthel.

3Alò, II Wa 4:1-38fis a pwofèt ki te Béthel yo te vin sòti kote Élisée e te di li: “Èske ou konnen ke SENYÈ a va pran mèt ou a soti anwo ou jodi a?” Konsa, li te di:

“Wi, mwen konnen. Pa pale!”

4Élie te di li: “Élisée, souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen Jos 6:26Jéricho.”

Men li te di: “Jan SENYÈ a viv la, mwen p ap kite ou”. Konsa, yo te vini Jéricho.

5 II Wa 2:3 Fis a pwofèt ki te Jéricho yo te vin kote Élisée e te di li: “Èske ou konnen ke SENYÈ a va retire mèt ou a soti anwo ou jodi a?”

Li te reponn: “Wi, mwen konnen; pa pale.”

6Konsa, Élie te di li: “Souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen nan Jos 3:8-17Jourdain an.”

Li te reponn: “Jan Senyè a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa yo de a te avanse.

7Alò II Wa 2:15-16senkant mesye nan fis a pwofèt yo te ale kanpe anfas yo nan yon distans, pandan yo de a te kanpe akote Jourdain an.

8Élie te I Wa 19:13-19pran manto li, li te pliye li ansanm, li te frape dlo yo e yo te vin divize isit e la, jiskaske yo de a te travèse sou tè sèch.

9Lè yo te fin travèse, Élie te di a Élisée: “Mande sa ke m ta fè pou ou avan mwen retire m de ou.”

Konsa, Élisée te di: “Souple, kite yon Nonb 11:17-25pòsyon doub nan lespri ou a rete sou mwen.”

10Li te di: “Ou te mande yon bagay ki difisil. Si ou Trav 1:10 wè m lè m retire kite ou, se konsa l ap ye pou ou; men si se pa sa, sa p ap fèt.”

11Pandan yo t ap fè wout yo e t ap prale, men vwala, II Wa 6:17yon cha dife avèk cheval dife te separe yo de a. Konsa, Élie te monte nan yon toubiyon nan syèl la.

12Élisée te wè e te kriye fò: II Wa 13:14“Papa m, papa m, cha Israël yo avèk chevalye li yo!”

Epi li pa t wè Élie ankò. Alò, li te kenbe rad li e te chire li an de bout.

13Anplis, li te pran manto Élie ki te sòti tonbe de li, lè l t ap prale a, e li te retounen kanpe akote rebò larivyè Jourdain an.

14Li te pran manto Élie ki te tonbe de li menm nan, e li te frape dlo yo e te di: “Kote SENYÈ a, Bondye Élie a?” Epi lè l te II Wa 2:8frape dlo a ankò, yo te divize isit e la, epi Élisée te travèse rive lòtbò.

15Alò, II Wa 2:7lè fis a pwofèt ki te Jéricho yo te wè li, yo te di: “Lespri Élie a poze sou Élisée.” Epi yo te vin rankontre li e te bese yo menm atè devan li.

16Yo te di li: “Men vwala, genyen avèk ou senkant sèvitè ak gwo fòs, souple, kite yo ale chache mèt ou a. Petèt I Wa 18:12lespri a SENYÈ a te pran li e te jete li sou yon mòn, oswa nan yon vale.”

Li te di: “Ou p ap voye yo.”

17Men lè II Wa 8:11yo te bourade li jiskaske li te wont, li te di yo: “Voye yo”.

Konsa, yo te voye senkant mesye. Yo te chache pandan twa jou, men yo pa t jwenn li.

18Yo te retounen kote li pandan li te rete Jéricho a. Li te di yo: “Èske mwen pa t di nou ‘Pa ale’?”

19Konsa, mesye lavil yo te di a Élisée: “Gade byen koulye a, sikonstans vil sa a byen bon, jan mèt mwen konn wè a; men dlo a pa bon e tè a pa pwodwi anyen.”

20Li te di: “Mennen ban m yon veso nèf e mete sèl ladann.” Konsa, yo te mennen ba li.

21Li te ale nan sous dlo a. Li te jete sèl la ladann e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te pirifye dlo sa yo! P ap gen lanmò ni move tè a ankò.’”

22Konsa, dlo yo rete bon jis jodi a, selon pawòl Élisée te pale a.

23Alò, soti la, li te monte Béthel. Pandan li t ap monte nan chemen an, jenn gason yo te sòti deyò soti lavil la. Yo te II Kwo 36:16moke li e te di li: “Ale monte, tèt chòv! Ale monte, tèt chòv!”

24Lè li te gade dèyè li pou l te wè yo, li te Né 13:25-27modi yo nan non SENYÈ a. Konsa, de lous femèl te sòti nan forè a, e te chire karann-de nan jenn gason pami yo.

25Li te kite la pou rive I Wa 18:19-20Mòn Carmel, e soti la, li te rive Samarie.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help