II Samuel 22 - Haitian Bible

1David te pale pawòl a chan sila yoSòm 18:2-50a SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo ak nan men a Saül.

2Li te di:

Sòm 31:3 “SENYÈ a se wòch mwen,

Sòm 31:3 fòterès mwen ak liberatè mwen;

3Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila

mwen twouve pwotèj la;

boukliye e kòn delivrans mwen,

sitadèl mwen ak refij mwen.

Det 32:4-37 Se konsa mwen va sove devan ledmi mwen yo.

4Mwen rele a SENYÈ a, Sòm 48:1ki merite lwanj.

Se konsa mwen sove de lènmi mwen yo.

5Paske Sòm 93:4volas lanmò te antoure mwen;

gran flèv destriksyon yo te monte sou mwen nèt.

6 Sòm 116:3 Kòd a sejou lanmò te antoure mwen;

pèlen lanmò yo te menase m.

7 Sòm 116:4 Nan gran twoub mwen,

mwen te rele SENYÈ a.

Wi, mwen te rele a Bondye mwen an.

Soti nan tanp Li an, Li te tande vwa m.

Kri sekou mwen te anndan zòrèy Li.

8Latè te tranble e souke.

Job 26:11 Fondasyon syèl la t ap tranble.

Yo te sombre, akoz Li te fache.

9Lafimen te monte sòti nan nen L.

Sòm 97:3 Dife soti nan bouch Li a te devore.

Chabon te fèt pa li.

10Anplis, Li te rale bese syèl yo e te desann.

Yon Sòm 97:2tenèb byen pwès te anba pye L yo.

11Li te monte sou yon cheriben,

Li te vole.

Li te parèt sou Sòm 104:3zèl a van an.

12 Job 36:29 Li te fè tenèb la yon tant Ki antoure Li,

yon vwa dlo, nwaj pwès syèl yo

13soti nan gran klète devan L,

II Sam 22:9 Bout chabon dife yo vin limen.

14SENYÈ a te Job 37:2-5eklate depi nan syèl la,

e vwa Pli Wo a te reponn.

15Li te lanse Det 32:23flèch pou te gaye yo.

Loray! E yo te sove ale.

16Kanal lanmè yo te vin parèt.

Fondasyon mond lanEgz 15:8 te dekouvri nèt,

pa repwoch SENYÈ a,

ak fòs vann a ki soti nan ne l.

17 Sòm 144:7 Li te voye soti anwo,

Li te pran m.

Li te rale mwen sòti nan pil dlo yo.

18Li te delivre mwen devan lènmi m byen fò,

Soti nan sila ki te rayi mwen yo.

Paske yo te twò fò pou mwen.

19Yo te kanpe parèt devan m nan jou gran doulè a,

Sòm 23:4 Men SENYÈ a te soutyen mwen.

20Anplis, Li te mennen m nan yon kote byen laj.

Li te fè m chape, II Sam 15:26paske Li te kontan anpil avè m.

21 I Sam 26:23 SENYÈ a te rekonpanse mwen selon ladwati mwen.

Selon men pwòp mwen, Li te fè m twouve rekonpans.

22Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a.

Mwen pa t aji avèk mechanste kont Bondye mwen an.

23 Det 6:6-9 Paske tout òdonans Li yo te devan m.

Règleman Li yo, mwen pa t janm kite.

24Anplis, Ef 1:4mwen te san fot devan L.

Mwen te rete lib de inikite mwen.

25Pou sa, SENYÈ a te rekonpanse m.

II Sam 22:21 Selon ladwati mwen,

Selon jan mwen pwòp devan zye Li.

26 Mat 5:7 Avèk sila de bon kè yo,

Ou montre bon kè Ou.

Avèk sila ki san fot yo,

Ou parèt san fot.

27 Mat 5:8 Avèk sila ki san tach yo,

Ou montre jan Ou san tach,

Epi avèk sila ki kwochi,

Ou vin parèt avèk entèlijans.

28 Egz 3:7-8 Ou fè sekou a sila ki aflije yo,

men zye Ou rete sou sila ki ògeye yo,

pou Ou fè yo bese.

29Paske se ou ki lanp mwen, O SENYÈ.

Konsa, I Wa 11:36SENYÈ a vin klere tout tenèb mwen.

30Paske avèk Ou, Mwen kapab kouri sou yon ekip sòlda.

31 Det 32:4 Pou Bondye, chemen pa li a san fot.

Pawòl SENYÈ a fin fè prèv.

Li pwoteje tout sila yo ki kache nan Li.

32 I Sam 2:2 Paske se kilès Bondye ye,

Sof ke SENYÈ a?

Epi kilès ki se yon woche,

Sof ke Bondye pa nou an?

33 I Sam 2:2 Bondye se sitadèl fòs mwen.

Li fè chemen m san fot.

34Li fè pye m tankou pye a sèf,

ki fè m chita nan plas ki wo.

35Li enstwi men m yo pou batay la,

Pou bra mwen kab koube banza fèt an Bwonz.

36Ou te osi ban mwen Boukliye Sali Ou a,

e se soutyen Ou ki fè m pwisan.

37 II Sam 22:20 Ou elaji pla pye mwen anba m,

e pye m pa janm chape.

38Mwen te kouri dèyè lènmi mwen yo,

e mwen te Egz 15:9detwi yo.

Mwen pa t vire fè bak jiskaske mwen te fin manje nèt.

39Epi mwen te devore yo,

mwen te kraze yo,

Jiskaske yo pa t janm leve.

Konsa, yo te Mat 4:3tonbe anba pye mwen.

40Paske Ou te kouvri senti m ak fòs pou batay la.

Ou te soumèt anba m Sòm 44:5sila ki te leve kont mwen yo.

41Ou te osi Egz 23:27fè lènmi m yo vire do ban mwen,

Epi mwen te detwi sila ki te rayi mwen yo.

42 És 17:7-8 Yo te gade, men nanpwen moun ki te pou te sove yo;

menm anvè SENYÈ a, men Li pa t reponn yo.

43 II Wa 13:7 Alò mwen te fè poud ak yo

tankou pousyè tè a.

És 10:6 Mwen te kraze e te foule yo

Tankou kras labou lari.

44Ou te osi delivre mwen sòti

nan rebelyon ak zen pèp mwen an.

Ou te kenbe m kòm chèf sou nasyon yo,

45Etranje yo abese devan m.

Depi yo tande, yo obeyi.

46Etranje yo pèdi fòs.

I Sam 14:11 Yo sòti tranblan nan kote kache yo.

47SENYÈ a vivan!

Beni, se wòch mwen an!

Egzalte, se II Sam 22:3Bondye, wòch sali mwen an.

48Menm Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an,

Sòm 144:2 Li ki rale fè desann lòt pèp yo anba m nan,

49Ki osi fè m sòti devan lènmi mwen yo.

Wi, Ou menm fè m leve anwo Sòm 44:5sila

Ki vin leve kont mwen yo.

Ou ban m sekou devan moun ki vyolan yo.

50Pou sa, mwen va ba Ou remèsiman,

O SENYÈ, Wo 15:9pami nasyon yo.

Mwen va chante lwanj a non Ou.

51Li se yon gran sitadèl delivrans pou wa Li a,

ki Sòm 89:24montre lanmou dous a onksyone pa Li a,

Menm a Sòm 144:10David avèk desandan pa li yo, jis pou tout tan.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help