1 II Sam 1:2-15 Alò, tout tribi Israël yo te vin kote David Hébron e te di: “Gade byen, nou se pwòp II Sam 19:13zo ou ak chè ou.
2Avan, lè Saül te wa sou nou, se te ou menm sèl ki te mennen Israël antre, sòti. Epi SENYÈ a te di ou: ‘Ou va bèje pèp Mwen an, Israël e ou va yon I Sam 25:30chèf sou Israël.’”
3Konsa, tout ansyen Israël yo te vin kote wa a Hébron e Wa David II Sam 3:21te fè yon akò avèk yo devan SENYÈ a Hébron. Epi I Sam 16:13yo te onksyone David wa sou Israël.
4David te gen laj a Nonb 4:3trantan lè l te devni wa. Li te renye pandan karantan.
5Nan Hébron, II Sam 2:11li te renye sou Juda pandan sèt ane, si mwa e nan Jérusalem, li te renye pandan trann-twazan sou tout Israël avèk Juda.
6 I Kwo 11:4-9 Alò, wa a avèk moun pa li yo te ale Jérusalem kont Jebizyen yo, moun ki te rete nan peyi a. Men yo te di a David: “Ou p ap antre isit la, men menm avèg yo avèk bwate yo va fè ou vire ale”. Paske yo te panse ke: “David p ap kab antre la.”
7Sepandan, David te kaptire fòterès Sion an, sa vle di, II Sam 6:12-16“vil David la”.
8David te di nan jou sa a: “Nenpòt moun ki va frape Jebizyen yo, kite li rive kote bwate yo avèk avèg yo, ki rayi pa nanm David, pa kanal dlo a.” Akoz sa, yo konn di: “Avèg ak bwate p ap antre nan kay la.”
9Konsa, David te rete nan fò a e li te rele li “Vil David la”. Epi David te bati toutotou soti nan sitadèl Milo a jis rive anndan.
10II Sam 3:1David te devni gran e pi gran, paske SENYÈ a, Bondye dèzame yo te avèk li.
11I Wa 5:1-18Alò, Hiram, wa a Tyr la, te voye mesaje yo kote David avèk bwa sèd avèk chapant ak mason k ap kraze wòch; epi yo te bati yon kay pou David.
12Konsa, David te vin wè ke SENYÈ a te etabli li kòm wa sou Israël, ke Li te egzalte wayòm li an pou koz pèp Li a, Israël.
13Antretan, Det 17:17David te pran plis ti mennaj avèk madanm soti Jérusalem lè l fin kite Hébron; epi plis fis avèk fi te fèt pou David.
14Alò, I Kwo 3:5-8sila yo se non a sila ki te fèt pou li Jérusalem yo: Schammua, Schobab, Nathan, Salomon,
15Jibhar, Élishua, Népheg, Japhia,
16Élischama, Éliada, Éliphéleth.
17Lè Filisten yo te tande ke yo te onksyone David wa sou Israël, I Sam 29:1tout Filisten yo te monte pou chache jwenn David. Lè David te tande sa, li te desann nan fò a.
18Alò, Filisten yo te vin gaye yo nan Jen 14:5vale Rephaïm nan.
19Konsa, I Sam 23:2David te mande konsèy a SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men mwen?”
SENYÈ a te reponn a David: “Monte, paske vrèman, Mwen va livre Filisten yo nan men ou.”
20Konsa, David te vini I Kwo 14:11Baal-Peratism e te bat yo la. Li te di: “SENYÈ a te antre sou lènmi mwen yo devan m tankou yon dlo k ap kase.” Pou sa, li te rele plas sa a Baal-Peratsim.
21Yo te abandone zidòl yo la. Pou sa, I Kwo 14:12David avèk mesye li yo te pote yo ale.
22Alò, II Sam 5:18Filisten yo te monte yon fwa ankò. Yo te gaye yo nan vale Rephaïm nan.
23Lè II Sam 5:19David te mande konsèy a SENYÈ a, Li te di: “Ou pa pou monte. Ansèkle jis pa dèyè yo e vini sou yo pa devan pye sikomò yo.
24Li va rive, ke lè ou tande son mache a sou tèt bwa yo; alò, ou va aji vit, paske se nan lè sa a ke Jij 4:14SENYÈ a ap gen tan sòti devan ou pou frape lame Filisten an.”
25Alò, David te fè konsa, jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, e li te bat Filisten yo soti Guéba, pou jis rive Guézer.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.