I Samuel 29 - Haitian Bible

1Alò, I Sam 28:1Filisten yo te rasanble tout lame pa yo ansanm nan Aphek, pandan Izrayelit yo t ap fè kan akote sous ki nan Jizreel la.

2Konsa, mèt Filisten yo t ap avanse pa santèn e pa milye e I Sam 28:1-2David avèk mesye pa li yo t ap avanse pa dèyè avèk Akisch.

3Alò, kòmandan a Filisten yo te di: “Se kisa Ebre sa yo ap fè isit la?”

Epi Akisch te di a kòmandan Filisten yo: “Èske sa se pa David, sèvitè a Saül la, wa Israël la, ki te avèk mwen nan jou sa yo, oswa pito di ane sa yo, e mwen pa t twouve okenn fot nan li soti nan jou ke li te sòti a, jis jodi a?”

4Men kòmandan Filisten yo te fache avèk li. Yo te di li: “Fè nonm nan ale retounen, pou li kapab I Sam 27:6retounen nan plas li kote yo te ba li ransèyman an. Pa kite li desann nan batay la avèk nou, I Sam 14:21oswa nan batay la, li kapab devni yon lènmi nou. Paske se kilès ki ta k ap fè nonm sa a vin zanmi ak mèt li a? Èske sa pa tèt a mesye sila yo?

5Èske sa se pa David, I Sam 18:7a sila yo te chante nan dans pa yo e di:

‘Saül te touye dè milye

e David dè di-milye?’”

6Alò, Akisch te rele David. Li te di l: “Jan SENYÈ a viv la, ladwati ou ak tout antre sòti ou avèk mwen nan lame a se yon plezi nan zye m; I Sam 27:8-12paske mwen pa t jwenn mal nan ou depi jou ke ou te antre kote mwen an, jis rive jodi a. Sepandan, ou pa yon plezi nan zye a lòt chèf yo.

7Alò, pou sa, retounen ale anpè, pou ou pa fè mèt Filisten yo pa kontan.”

8David te di a Akisch: I Sam 27:10-12“Men kisa mwen te fè? Epi kisa ou te twouve nan sèvitè ou a depi nan jou ke m te vini devan ou an jis rive Jodi a, pou m pa kapab ale goumen kont lènmi a mèt mwen an, wa a?”

9Men Akisch te reponn David: “Mwen konnen ke ou se yon plezi nan zye m, tankou yon zanj Bondye! Sepandan, I Sam 29:4kòmandan Filisten yo te di: ‘Fòk li pa monte avèk nou nan batay la.’

10Alò, pou sa, leve bonè nan maten I Kwo 12:19-22avèk sèvitè a mèt ou ki te vini avèk ou yo, e lamenm lè ou leve nan maten bonè, pati.”

11Konsa, David te leve bonè, li avèk mesye pa li yo, pou pati nan maten pou retounen nan peyi a Filisten yo. Epi Filisten yo te monte Jizreel.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help