I Samuel 27 - Haitian Bible

1Konsa, David te di nan tèt li: “Alò, yon jou mwen va peri nan men Saül. I Sam 26:19Nanpwen anyen k ap pi bon pou mwen pase pou m chape ale nan peyi Filisten yo. Konsa, Saül va dekouraje nan chache mwen toujou sou tout teritwa Israël la, e mwen va chape nan men li.”

2Konsa, David te leve e te travèse, li menm avèk sis-san òm ki te avè l yo, kote Akisch, fis a Maoc la, wa a Gath la.

3Epi David te viv avèk Akisch nan Gath, li menm avèk mesye pa li yo, II Sam 2:3chak moun avèk tout moun lakay yo. David te avèk I Sam 25:42,43de madanm pa li yo, Achinoam Jizreyelit la ak Abigaïl, Kamelit la, vèv a Nabal la.

4Alò, sa te pale a Saül ke David te sove ale Gath. Konsa, li pa t chache li ankò.

5Alò, David te di a Akisch: “Si koulye a, mwen jwenn favè nan zye ou, kite yo ban mwen yon plas nan youn nan vil andeyò yo, pou m kapab viv la. Paske poukisa sèvitè ou ta viv nan vil wayal la avèk ou?”

6Konsa, Akisch te bay li Tsiklag nan jou sa a. Konsa, Jos 15:31Tsiklag te devni pou wa Juda yo jis rive jodi a.

7Nonb de jou ke David te viv nan peyi a Filisten yo se te I Sam 29:31 nan, kat mwa.

8Alò, David avèk mesye pa li yo te monte pou te fè atak sou Gechouryen, Gizyen avèk Amalekit yo; paske se yo menm ki te mèt tè sa a depi nan tan ansyen yo, nan wout soti Egz 15:22Schur, menm pou rive nan peyi Égypte la.

9David te atake peyi a, e pa t kite yon gason ni yon fanm vivan. Li te I Sam 15:3 pran tout mouton, bèf, bourik, chamo, avèk rad. Apre, li te retounen kote Akisch.

10Alò, Akisch te di: “Se kibò ou te I Sam 23:27atake jodi a?”

Epi David te reponn: “Kont Negev la nan Juda e kont Negev a Kenyen yo.”

11David pa t kite yon mesye ni yon fanm vivan pou mennen yo nan Gath. Li te di: “Otreman, yo va pale afè nou, e di: ‘Se konsa David te fè e se konsa li aji pandan tout tan ke li rete nan peyi Filisten yo.’”

12Konsa, Akisch te kwè David, Li te di: “Anverite, li vin fè tèt li rayisab pami pèp Israël pa l la. Konsa, li va sèvitè pa m jis pou tout tan.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help