I Samuel 24 - Haitian Bible

1Alò, lè Saül te retounen kouri dèyè Filisten yo, I Sam 23:19yo te pale l e te di: “Gade byen, David nan dezè En-Guédi a.”

2Alò, I Sam 26:2Saül te pran twa mil òm, byen chwazi soti nan tout Israël pou te ale chache David avèk mesye pa li yo devan Wòch a Kabrit Mawon yo.

3Li te rive nan Pak mouton yo nan wout la, kote ki te gen yon kav; epi Saül te antre ladann pou fè poupou. Alò Sòm 57David avèk mesye pa li yo te chita nan pati dèyè kav la.

4Mesye a David yo te di a li menm: “Gade byen, men jou ke SENYÈ a te di ou a: ‘Gade byen, I Sam 26:8-11Mwen prèt pou livre lènmi ou an nan men ou, e ou va fè a li menm sa ki sanble bon pou ou’”. Alò David te leve e san fè bwi, te koupe arebò manto a Saül la.

5Li te vin rive apre ke II Sam 24:10konsyans David te twouble li, akoz li te koupe arebò a manto Saül la.

6Epi li te di a mesye pa li yo: “Se I Sam 26:11lwen de mwen ke akoz SENYÈ a, mwen ta fè bagay sa a mèt mwen an, onksyone a SENYÈ a, pou m ta lonje men m kont li; akoz li se yon onksyone pa SENYÈ a.”

7David te konvenk mesye pa l yo avèk pawòl sila yo, li te anpeche yo leve kont Saül. Epi Saül te leve e te kite kav la pou t al fè wout li.

8Alò, apre David te leve ale deyò kav la. Li te rele Saül e te di: “Mèt mwen, Wa a!”

Epi lè Saül te gade dèyè li. I Sam 25:23-24David te bese avèk figi li atè e te fè kò l kouche nèt.

9David te di a Saül: “Poukisa ou koute pawòl a moun k ap di: ‘Gade byen, David ap chache fè ou mal!’?

10Sòm 7:3-4Gade byen, jou sa a zye ou gen tan wè ke SENYÈ a te livre ou nan men m nan kav la. E kèk moun te di m touye ou, men zye m te gen pitye pou ou. Konsa mwen te di: ‘Mwen p ap lonje men m kont mèt mwen an, paske li se yon onksyone a SENYÈ a.’

11Koulye a, I Sam 6:4-5papa mwen, gade! Anverite, gade arebò a manto ou ki nan men m nan! Paske akoz ke m te koupe arebò manto ou a e ke m pa t touye ou, konnen e byen konprann ke nanpwen mal, ni rebelyon nan men m pou m pa t fè peche kont ou, malgre ke ou ap kache tann pou pran lavi m.

12Jen 16:5Ke SENYÈ a kapab jije antre ou menm avèk mwen e ke SENYÈ a ta pran vanjans mwen sou ou; men se pa men m k ap kont ou.

13Tankou pwovèb a ansyen yo di: Mat 7:16-20‘Nan mechan an, mechanste sòti!’ Men se pa men mwen k ap kont ou.

14Apre kilès wa Israël la vin sòti? Kilès k ap pouswiv ou? II Sam 9:8Yon chen mouri oubyen yon grenn pis?

15Pou sa, I Sam 24:12SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen. Epi ke Li wè, Li plede ka m nan, e Li delivre mwen soti nan men ou.”

16Lè David te fin pale pawòl sa yo a Saül, Saül te di: I Sam 26:17“Èske sa se vwa ou, fis mwen, David?” Epi Saül te leve vwa li e te kriye.

17Li te di a David: “Ou pi jis pase m; paske ou te aji byen avè m, pandan mwen te aji mal avè w.

18Ou te deklare jodi a byen ke ou te fè m! Ke I Sam 26:23SENYÈ a te livre mwen nan men ou, men ou pa t touye mwen.

19Paske si yon nonm I Sam 26:23jwenn avèk lènmi li, èske l ap kite li sòti konsa? Pou sa ke Bondye kapab rekonpanse ou pou sa ou te fè m la jodi a.

20Alò, gade byen, I Sam 23:17mwen konnen asireman, ke ou va devni wa e ke I Sam 13:14wayòm Israël la va vin etabli nan men ou.

21Pou sa, I Sam 20:14-17sèmante a mwen menm pa SENYÈ a pou ou pa retire desandan apre mwen yo e pou ou pa detwi non mwen soti lakay papa m.”

22David te sèmante konsa a Saül, e Saül te ale lakay li. Men David avèk mesye pa li yo te monte nan I Sam 23:29fò a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help