I Samuel 20 - Haitian Bible

1Epi David te sove ale kite Najoth nan Rama, e li te vin I Sam 24:9di a Jonathan: “Kisa mwen te fè? Ki inikite mwen genyen? Epi ki peche mwen gen devan papa ou, pou li ap chache lavi m?”

2Li te di li: “Lwen de sa, ou p ap mouri. Gade byen, papa m p ap janm fè anyen ni gran ni piti amwenske li avèti m. Konsa pou ki rezon li ta kache bagay sa a de mwen? Se pa vrè!”

3Men David te fè ve ankò, e li te di: “Papa ou konnen byen ke mwen te jwenn favè nan zye ou, e li te di: ‘Pa kite Jonathan konnen bagay sa a, oswa li va blese.’ Men anverite, I Sam 25:26jan SENYÈ a viv la e jan nanm ou viv la, gen sèlman yon pa antre mwen ak lanmò.”

4Alò, Jonathan te di a David: “Nenpòt sa ou mande, m ap fè l pou ou.”

5Konsa, David te di a Jonathan: “Veye byen, demen se Nonb 28:11-15 nouvèl lin nan. Mwen ta dwe chita a tab pou manje avèk wa a. Men kite mwen ale pou m kache kò m nan chan an jis rive twa jou.

6Si papa ou vin wè ke m pa la, alò li di: ‘David te mande mwen favè pou l ta kab kouri rive I Sam 17:58Bethléhem, vil pa li a, akoz se lè sakrifis ane a pou tout fanmi an.’

7Si li di: ‘Sa bon,’ sèvitè ou a va sove; men si li vin byen fache, I Sam 25:17konnen ke li te pran desizyon pou l fè mal la.

8Pou sa, aji avèk bon kè avèk sèvitè ou a; paske I Sam 18:3ou te mennen sèvitè ou antre nan yon akò a SENYÈ a avèk ou. Men si gen inikite nan mwen, mete m a lanmò ou menm; paske poukisa, si se konsa, ou ta dwe mennen mwen kote papa ou?”

9Jonathan te di: “Sa se lwen de sa! Paske si mwen ta konprann ke papa m te detèmine pou fè ou mal; alò, èske mwen pa t ap di ou sa?”

10Alò, David te di a Jonathan: “Se kilès ki va di mwen si papa ou bay yon repons ki di?”

11Jonathan te di a David: “Vini, annou ale nan chan an.” Konsa, toude te sòti nan chan an.

12Alò, Jonathan te di a David: “SENYÈ Bondye Israël la se temwen! Lè m fin sonde papa m vè lè sa a demen, oswa nan twazyèm jou a, gade byen, si gen bon repons anvè ou menm, èske mwen p ap voye yon mo ba ou pou fè ou konnen sa?

13Si se volonte a papa m pou fè ou mal, kite SENYÈ a fè menm jan an ak Jonathan e menm plis toujou, si mwen pa fè ou konnen e voye ou ale, pou ou kab sòti ansekirite. Jos 1:5 Epi ke Bondye kapab avèk ou menm jan ke li te ye avèk papa m nan.

14Si mwen toujou vivan, èske ou p ap montre mwen tout lanmou a SENYÈ a pou m pa mouri?

15II Sam 9:1-3Ou p ap retire lanmou ou vè lakay mwen pou tout tan, pa menm lè SENYÈ a vin koupe dènye lènmi David la sou fas tè a.”

16Konsa tou Jonathan te fè yon akò avèk lakay David: “Ke SENYÈ a toujou mande menm devwa sa a nan men a lènmi David yo.”

17Jonathan te fè David fè ve a ankò I Sam 18:1akoz ke li te renmen li e akoz li te renmen li tankou li te renmen pwòp vi pa li.

18Alò, Jonathan te di li: I Sam 20:5“Demen se nouvèl lin nan e absans ou ap byen klè akoz chèz ou a va vid

19Lè ou fin rete pandan twa jou, ou va desann vit vini nan plas kote ou te kache nan jou evenman sa yo; epi ou va rete akote wòch Ézel la.

20Mwen va tire twa flèch akote, kòmsi se yon pratik m ap fè.

21Epi tande byen, mwen va voye yon ti gason e di l: ‘Ale dèyè flèch yo.’ Si mwen pale byen klè a ti gason an, e di l: ‘Gade byen, flèch yo bò sa a de ou menm, ale chache yo;’ alò, ou va vini, paske gen sekirite pou ou e nanpwen mal, jan SENYÈ a viv la.

22Men si mwen di ti gason an: I Sam 20:37‘Gade byen, flèch yo lwen ou,’ alò ale, paske SENYÈ a te voye ou ale.

23Epi pou afè akò ke ou menm avèk mwen fin pale a, gade byen, Jen 31:49-53SENYÈ a antre ou menm avèk mwen menm pou tout tan.”

24Konsa, David te kache nan chan an. Epi lè nouvèl lin nan vin leve, wa a te chita sou tab la pou manje.

25Wa a te chita nan plas li kòm nòmal, chèz akote mi an. Alò, Jonathan te leve e Abner te chita akote Saül, men I Sam 20:18plas David la te vid.

26Malgre Saül pa t di anyen nan jou sa a, paske li te di a li menm: “Se yon Lev 7:20-21malè ki rive e li vin pa pwòp. Asireman, li pa pwòp.”

27Li te vin rive nan pwochen jou a, dezyèm jou nouvèl lin nan, ke plas David la te vid. Konsa, Saül te di a Jonathan, fis li a: “Poukisa fis a Jesse pa parèt nan repa a, ni yè, ni jodi a?”

28Alò, Jonathan te reponn Saül: I Sam 20:6 “David te swayezman mande pèmisyon a mwen menm pou ale Bethléhem,

29paske li te di: ‘Souple kite m ale, akoz fanmi nou gen yon sakrifis nan vil la e frè m yo te mande m parèt. Epi koulye a, si m jwenn favè nan zye ou, souple, kite m fè yon sòti pou m kapab wè frè m yo.’ Pou rezon sa a, li pa t vin parèt sou tab a Wa a.”

30Alò, kòlè a Saül te brile kont Jonathan e li te di a li: “Se fis a yon fanm pèvès e rebèl ke ou ye! Èske mwen pa konprann ke w ap chwazi fis a Jesse jis pou wont pa ou e jis rive nan wont a nidite manman ou.

31Paske depi fis Jesse a rete sou latè, ni ou menm ni wayòm ou a p ap etabli. Alò, pou sa, voye mennen li kote mwen, paske II Sam 12:5fòk li mouri.”

32Men Jonathan te reponn Saül, papa li: Pwov 31:9“Poukisa li dwe mouri? Kisa li te fè?”

33Alò, Saül te voye frenn nan sou Jonathan pou frape fè l tonbe. Epi konsa, Jonathan te konnen ke papa li te pran desizyon pou mete David a lanmò.

34Epi Jonathan te leve sou tab la byen anraje e li pa t manje nan dezyèm jou nouvèl lin nan, paske kè l te fè l mal akoz papa li te derespekte l konsa.

35Alò, li te vin rive nan maten ke Jonathan te parèt nan chan an pou randevou avèk David la, e yon ti gason te avè l.

36Li te di a jennonm nan: Pwov 31:9“Kouri koulye a pou ale chache flèch ke m prèt pou tire yo.” Pandan jennonm nan t ap kouri, li te tire yon flèch ki te depase li.

37Lè jennonm nan te rive nan plas flèch ke Jonathan te tire a, Jonathan te rele jennonm nan e te di: I Sam 20:22“Èske flèch la pa pi lwen ou?”

38Jonathan te rele jennonm nan: “Pa mize, fè vit, pa fè reta!” Epi jennonm Jonathan an te pran flèch la e te retounen vè mèt li.

39Men jennonm nan pa t konnen anyen. Sèlman Jonathan avèk David te konprann koze a.

40Alò, Jonathan te bay zam li yo a jennonm nan e te di li: “Ale pote antre nan vil la.”

41Lè jennonm nan te fin ale, David te leve soti nan fas sid la. Li te tonbe sou figi li atè e li te Jen 42:6bese ba twa fwa. Epi yo te bo youn lòt e te kriye ansanm, men I Sam 18:3David te kriye plis.

42Jonathan te di a David: “Ale anpè. Jan nou te sèmante youn ak lòt nan non SENYÈ a, e te di: I Sam 20:15-23‘SENYÈ a va antre ou avèk mwen, antre desandan pa w ak desandan pa m jis pou tout tan.’” Epi li te leve sòti pandan Jonathan t ap antre nan vil la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help