I Samuel 18 - Haitian Bible

1Alò, li te vin rive ke lè li te fin pale avèk Saül, ke nanm Jonathan te vin atache a nanm David, e Jonathan te renmen li tankou pwòp tèt li.

2Saül te pran li nèt nan jou sa a e I Sam 17:15pa t kite li retounen lakay papa l.

3Epi I Sam 20:8-17Jonathan te fè yon akò avèk David akoz li te renmen li tankou pwòp tèt li.

4I Sam 17:38Jonathan te retire manto ki te sou li a e te bay David li, ansanm avèk pwotèj li, menm ak nepe li, banza li, avèk sentiwon li.

5Konsa, David te ale nan nenpòt kote Saül te voye li a, e te byen reyisi. Epi Saül te mete li chèf sou tout mesye lagè yo. Li te fè kè kontan nan zye a tout pèp la, e anplis, nan zye a sèvitè Saül yo.

6Li te vin rive ke pandan yo t ap vini, lè David te retounen soti touye Filisten an, ke Sòm 68:25fanm yo te sòti nan tout vil an Israël yo. Yo t ap chante ak danse pou rankontre Wa Saül, avèk tanbouren, kè kontan ak enstriman mizik.

7Fanm yo te Egz 15:21chante pandan yo t ap jwe. Yo t ap di:

“Saül te touye dè milye pa li menm

e II Sam 18:3 David dè di-milye pa li menm.”

8Alò, Saül te vin byen fache, paske pawòl sa a te fè l pa kontan. Li te di: “Yo te bay David dè di-milye; men a mwen menm, yo te bay dè milye. Alò I Sam 15:28kisa anplis li kapab genyen, sof ke wayòm nan?”

9Depi nan jou sa a, Saül te veye David de prè.

10Nan jou aprè a, I Sam 16:14yon move lespri ki sòti nan Bondye te vini sou Saül avèk pwisans. Li te fè pwofesi nan mitan kay la. David, kòm abitid li jou an jou, t ap jwe ap la avèk men li. Saul te gen yon lans nan men l.

11I Sam 19:10Li te voye lans lan, paske li t ap di: “Mwen va kloure David sou mi an.” David te chape nan prezans li menm de fwa.

12Alò Saül te pè David, paske SENYÈ a te avèk li; men Li I Sam 16:14te fin kite Saül.

13Pou sa Saül te retire David devan prezans li. Li te apwente li kòm kòmandan a yon mil lòm. Konsa I Sam 18:16li te sòti e antre devan pèp la.

14David t ap reyisi nan tout chemen li yo, Jen 39:2-23paske SENYÈ a te avèk li.

15Lè Saül te wè ke li te byen reyisi konsa, li te vin gen gwo perèz li.

16Men I Sam 18:5tout Israël avèk Juda te renmen li nèt e li te sòti e antre devan yo.

17Alò, Saül te di a David: I Sam 17:25“Men pi gran fi mwen an, Mérab. Mwen va ba ou li kòm madanm. Sèlman, rete vanyan pou mwen e mennen batay pou SENYÈ a.” Paske Saül t ap di a tèt li: “Mwen p ap kapab leve men kont li, men kite men Filisten yo vin kont li.”

18Men David te di a Saül: I Sam 9:21“Kilès mwen ye e kisa lavi mwen ye, oswa fanmi a papa m an Israël ye, pou mwen ta devni bofis a wa a?”

19Konsa, li te vin rive ke nan moman a Mérab, fi a Saül la te dwe bay a David la, li te vin bay a II Sam 21:8Adriel, Meolayit la, kòm madanm.

20Alò, I Sam 18:28Mical, pitit a Saül la, te renmen David. Lè yo te pale sa a Saül, bagay la te agreyab a li menm.

21Saül te di a li menm: “Mwen va ba li fi a pou li kab devni yon pyèj pou li e pou men Filisten yo kapab vin kont li.” Pou sa, Saül te pale David, I Sam 18:26“Pou yon dezyèm fwa, ou gen dwa devni bofis mwen jodi a.”

22Alò, Saül te kòmande sèvitè li yo: “Pale avèk David an sekrè e di: ‘Gade byen, wa a trè kontan avèk ou e tout sèvitè li yo renmen ou anpil. Alò, pou sa a, vin bofis a wa a.’”

23Konsa, sèvitè a Saül yo te pale pawòl sa yo a David. Men David te di: “Èske sa se yon ti bagay pou vin bofis a wa a, Jen 29:20akoz mwen menm se yon nonm pòv e san pwa?”

24Sèvitè a Saül yo te bay rapò a a li menm selon pawòl ke David te pale yo.

25Alò, Saül te di: “Konsa ou va pale David: ‘Wa a pa bezwen okenn kòb kòm dwa maryaj, sof ke yon santèn prepuce yo ki sòti nan Filisten yo, I Sam 14:24pou egzekite vanjans sou lènmi a wa yo.’” Alò, I Sam 18:17Saül te fè plan pou fè David tonbe pa men a Filisten yo.

26Lè sèvitè li yo te pale David pawòl sa yo, sa te fè David kontan pou vini bofis a wa a. I Sam 18:21Avan jou yo te fini,

27David ak mesye pa li yo te ale. Yo te frape fè desann de-san lòm pami Filisten yo. Alò, II Sam 3:14David te mennen prepuce pa yo e yo te bay yo an tout a wa a, pou li ta kapab vin bofis a wa a. Konsa Saül te ba li Mical kòm madanm li.

28Lè Saül te wè e te konnen ke SENYÈ a te avèk David, e ke Mical, fi a Saül la, te renmen li,

29li te pè David menm plis. Konsa Saül te lènmi a David ale nèt.

30Epi kòmandan Filisten yo te sòti pou fè batay. Konsa, li vin rive chak fwa yo sòti, ke David I Sam 18:5te aji avèk plis sajès ke tout sèvitè a Saül yo. Akoz sa, non li te vin respekte anpil.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help