I Samuel 12 - Haitian Bible

1Samuel te di a tout Israël: “Gade byen, I Sam 8:7-22mwen te koute vwa nou nan tout sa ke nou te di m yo e mwen I Sam 11:14-15te chwazi yon wa sou nou.

2Alò, men wa a k ap mache devan nou. Men I Sam 8:1-5mwen fin granmoun, cheve m blanch e gade byen fis mwen yo avèk nou. I Sam 3:10-20Mwen te mache devan nou soti nan jenès mwen jis rive jodi a.

3Men mwen! Temwaye kont mwen devan SENYÈ a avèk I Sam 10:1moun onksyone pa Li yo. Se bèf a ki moun mwen konn vòlè, oswa bourik a kilès mwen te konn pran, oswa se kilès mwen te konn twonpe? Ki moun mwen te konn oprime, oswa nan men a kilès mwen te touche anba tab pou zye m pa wè? Si mwen te fè bagay sa yo, M ap repare sa.”

4Yo te di: “Ou pa janm te twonpe nou, ni oprime nou ni pran anyen nan men a pèsòn.”

5Li te di yo: “SENYÈ a se temwen kont nou e onksyone pa Li yo se temwen nan jou sa a ke nou pa t twouve anyen Egz 22:4nan men m nan.”

Epi yo te di: “Li se temwen.”

6Epi Samuel te di a pèp la: “Li se SENYÈ a ki te Egz 6:26chwazi Moïse avèk Aaron, e ki te mennen zansèt nou yo monte soti nan peyi Égypte la.

7Alò koulye a, kanpe Éz 20:35pou m kab plede avèk nou devan SENYÈ a konsènan tout zèv ladwati ke SENYÈ a te fè pou nou avèk zansèt pa nou yo.

8 Jen 46:5-6 “Lè Jacob te antre an Égypte, zansèt nou yo te kriye fò a SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a te voye Moïse avèk Aaron ki te mennen zansèt nou yo sòti an Égypte, e Li te fè yo vin rete nan plas sa a.

9Men Det 32:18yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a, e pou sa, Li te vann yo nan men Sisera, kapitèn a lame Hatsor a, nan men a Filisten yo, nan men wa Moab la, e yo te goumen kont yo.

10Jij 10:10Yo te kriye fò a SENYÈ a e yo te di: ‘Nou te peche akoz nou te kite SENYÈ a pou te sèvi Baal yo avèk Astarté; men koulye a, delivre nou nan men a lènmi nou yo e nou va sèvi Ou.’

11Alò apre, SENYÈ a te voye Jij 6:31-32Jerubbaal avèk Bedan, Jij 11:29Jephthé ak Samuel pou te delivre nou nan men a lènmi nou yo toupatou, pou nou viv ansekirite.

12“Lè nou te wè ke Nachasch, wa a fis Ammon yo, te vini kont nou, nou te di m: ‘Non, men se yon wa k ap renye sou nou’, Jij 8:23malgre sa, SENYÈ Bondye nou an te wa nou.

13Alò pou sa, I Sam 10:24men wa ke nou te mande a. Epi gade byen, SENYÈ a te mete yon wa sou nou.

14Jos 24:14Si nou va gen lakrent SENYÈ a, sèvi Li, koute vwa Li, e pa fè rebèl kont lòd SENYÈ a; alò, ni nou, ni wa ki renye sou nou an va swiv SENYÈ Bondye nou an.

15Si nou pa koute vwa SENYÈ a, men fè rebèl kont lòd SENYÈ a, alò I Sam 5:9men a SENYÈ a va kont nou, I Sam 12:9jan li te ye kont zansèt nou yo.

16“Menm koulye a, Egz 14:13-31 kanpe la pou nou wè gwo bagay sa a ke SENYÈ a va fè devan zye nou.

17Pwov 26:1Èske se pa rekòlt ble li ye kounye a? M ap fè apèl SENYÈ a, pou Li kapab voye tonnè avèk lapli. Konsa, nou va konnen e wè mechanste ke nou te fè nan zye SENYÈ a gran, lè nou te mande pou nou yon wa.”

18Konsa, Samuel te rele a SENYÈ a, e SENYÈ a te voye tonnè avèk lapli nan jou sa a. Epi Egz 14:31tout pèp la te gen gwo lakrent SENYÈ a ak Samuel.

19Alò, tout pèp la te di a Samuel: “Priye pou sèvitè ou yo a SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou pa mouri; paske nou te ogmante sou peche nou yo, I Sam 12:17-20mal sila a, ke nou te mande yon wa pou kont nou an.”

20Samuel te di a pèp la: “Pa pè Nou te fè tout mechanste sa a. Men Det 11:16pa vire akote pou pa swiv SENYÈ a, men sèvi SENYÈ a avèk tout kè nou.

21Fòk nou pa vire akote. Paske konsa, nou ta swiv bagay san valè ki pa kab fè benefis ni delivre, paske yo san valè.

22Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a akoz gran non Li, paske sa te fè SENYÈ a plezi pou fè nou yon pèp ki te pou Li menm.

23Anplis, pou mwen menm, lwen de mwen ke m ta peche kont SENYÈ a e sispann fè lapriyè pou nou; men Sòm 34:11mwen va enstwi nou nan chemen ki bon e ki dwat la.

24Sèlman, gen lakrent Bondye e sèvi Li anverite, avèk tout kè nou. Paske kalkile Det 10:21ki kalite gwo zafè Li te fè pou nou.

25És 1:20Men si nou toujou fè mal, ni nou menm ni wa nou an I Sam 31:1-5va peri.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help