1Konsa,
20Konsa, Samuel te mennen tout tribi Israël yo vin toupre li, e tribi Benjamin an te pran pa tiraj osò.
21Alò, li te mennen tribi Benjamin an vin toupre pa fanmi li yo, e yo te pran fanmi Matri a. Konsa, Saül, fis a Kish la te vin pran. Men lè yo vin chache li, yo pa t kab twouve l.
22Pou sa, yo I Sam 23:2-4vin mande plis a SENYÈ a: “Èske nonm nan gen tan rive isit la deja?”
Pou sa, Bondye te di: “Gade byen, l ap kache kò li kote pwovizyon yo.”
23Konsa yo te kouri pran li soti la, e lè li te kanpe pami pèp la, I Sam 9:2li te pi wo pase tout lòt moun nan pèp la soti nan zepòl li.
24Samuel te di a tout pèp la: “Èske nou wè sila ke Det 17:5SENYÈ a te chwazi a? Anverite, nanpwen lòt moun ki tankou li pami tout pèp la.”
“Konsa, tout pèp la te rele fò. Yo te di: “Viv Wa a!”
25Alò, Samuel te pale pèp la Det 17:14-20règleman a wayòm nan. Li te ekri yo nan liv la, e li te plase li devan SENYÈ a. Konsa, Samuel te voye tout pèp la ale, yo chak nan pwòp kay pa yo.
26Anplis Saül te ale I Sam 11:4lakay li Guibea. Epi mesye vanyan yo avèk kè ki te touche pa Bondye te ale avèk li.
27Men sèten Det 13:13sanzave ki te di: “Kijan mesye sila a kapab delivre nou?” Yo te meprize li e pa t pote okenn kado pou li. Men li te rete an silans.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.