Jij Yo 10 - Haitian Bible

1Alò, apre Abimélec te fin mouri, Thola, fis a Puah a, fis a Dodo a, yon nonm Issacar, te Jij 2:16 leve pou delivre Israël. Li te rete Schamir, nan peyi ti kolin Éphraïm yo.

2Li te jije Israël pandan venn-twazan. Li te mouri e te antere Schamir.

3Apre li, Jaïr Galaadit la te leve pou te jije Israël pandan venn-dezan.

4Li te gen trant fis ki te monte sou trant bourik. Konsa, yo te gen trant vil nan peyi Galaad, ke yo Nonb 32:41 rele Havvoth-Jaïr jis rive jodi a.

5Epi Jaïr te mouri e te antere Kamon.

6Alò, fis Israël yo te fè mal devan zye SENYÈ a, yo te Jij 2:13sèvi Baal yo avèk Astarté yo, dye a Syrie yo, dye a Sidon yo, dye a Moab yo, dye a fis Ammon yo, ak dye a Filisten yo. Konsa, Det 31:16yo te abandone SENYÈ a e yo pa t sèvi li.

7Kòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te I Sam 12:9vann yo nan men a Filisten yo ak nan men a fis Ammon yo.

8Yo te aflije e te kraze fis Israël yo nan ane sa a. Pandan di-zuit ane, yo te aflije tout fis Israël ki te lòtbò Jourdain an nan Galaad nan peyi Amoreyen yo.

9Fis a Ammon yo te travèse Jourdain an pou yo te kab, osi, batay avèk Juda, Benjamin, avèk lakay Éphraïm. Sa te fè gwo pwoblèm pou Israël.

10Konsa, I Sam 12:10fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a, e te di: “Nou te peche kont Ou, paske vrèman, nou te abandone Bondye nou an pou te sèvi Baal yo.”

11SENYÈ a te di a fis Israël yo: “Èske Mwen pa t delivre nou Jij 2:12soti nan men Ejipsyen yo, Nonb 21:21-25 Amoreyen yo, fis a Ammon yo, ak Filisten yo?

12Osi, lè Sidonyen yo, Amalekit yo avèk Maonit yo te Sòm 106:42oprime nou, nou te kriye fò ban Mwen, e Mwen te delivre nou soti nan men yo.

13Malgre sa, Jr 2:13nou te abandone Mwen pou sèvi lòt dye yo. Pou sa, Mwen p ap delivre nou ankò.

14Det 32:37Ale e kriye fò a dye sila ke nou te chwazi yo. Kite yo menm delivre nou nan tan gwo twoub nou yo.”

15Fis Israël yo te di a SENYÈ a: “Nou te peche. I Sam 3:18Fè ak nou sa ki sanble bon a Ou menm; sèlman souple delivre nou jodi a.”

16Jos 24:23Konsa, yo te retire dye etranje sila ki te pami yo pou te sèvi SENYÈ a; epi Det 32:36Li pa t kab sipòte mizè Israël ankò.

17Alò fis Ammon yo te rasanble; yo te fè kan Galaad. Epi fis a Israël yo te vin rasanble pou te fè kan an Jij 11:29Mitspa.

18Pèp la, chèf a Galaad yo te di: “Ki moun ki va ouvri batay la kont fis Ammon yo? Li menm, li va chèf sou tout pèp Galaad la.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help