1Alò, Jij 2:19fis Israël yo ankò te fè mal nan zye SENYÈ a, apre Éhud te fin mouri.
2Konsa, SENYÈ a te vann yo nan men a Jos 11:1-10Jabin, wa Kananeyen an, ki te renye nan Hatsor. Kòmandan lame li a te Sisera, ki te rete Haroscheth-Goïm.
3Fis Israël yo te kriye a SENYÈ a, paske li te gen nèf san Jij 1:19cha fèt an fè, e avèk severite, li te oprime fis Israël yo pandan ventan.
4Alò, Débora, yon pwofetès, madanm a Lappidoth, t ap jije Israël nan tan sila a.
5Li te konn chita anba Jen 35:8pye palmis a Débora a antre Rama avèk Béthel nan peyi ti kolin Ephraïm yo, epi fis Israël yo te kon vin vè li pou l fè jijman.
6Alò, li te voye kòmande Eb 11:32Barak, fis a Abinoam nan, pou l soti nan Kedesh-Nephtali. Li te di l: “Veye byen, SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande: “Ale mache vè Mòn Thabor e pran avèk ou di-mil lòm soti nan fis a Nephtali yo ak fis a Zabulon yo.
7Mwen va atire fè vin parèt Sisera, kòmandan lame Jabin nan vini avèk cha li yo ak anpil sòlda yo vè larivyè Kishon, e Sòm 83:9mwen va mete li nan men ou.”
8Alò, Barak te di li: “Si ou prale avèk mwen, alò, m ap prale, men si ou pa prale avè m, mwen pa p prale.”
9Li te di: “Mwen va vrèman ale avèk ou. Malgre, lonè p ap pou ou nan vwayaj ke w ap fè a, Jij 4:21paske SENYÈ a va vann Sisera nan men a yon fanm.” Konsa, Débora te leve e te ale avèk Barak pou rive Kédesch.
10Barak te rele Zabulon ak Nephtali ansanm pou rive Kédesch, epi di-mil lòm te monte Jij 4:14avèk li. Anplis, Débora te monte avèk li.
11Alò, Héber, Jij 1:16Kenyen an te rete apa de Kenyen yo, fis Hobab yo, bòpè Moïse la, e te monte tant li byen lwen jis nan bwatchenn ki nan Tsaannaïm nan, ki toupre Kédesch la.
12Yo te di Sisera ke Barak, fis a Abinoam nan, te monte vè Mòn Thabor.
13Sisera te rele ansanm tout cha li yo, nèf-san cha an fè ak tout pèp ki te avèk li yo, soti nan Jij 4:2Haroscheth de Goïm yo jis rive nan larivyè Kishon.
14Debora te di a Barak: “Leve! Paske sa se jou nan sila SENYÈ a vin mete Sisera nan men ou! Veye byen, Det 9:3SENYÈ a gen tan sòti devan ou.” Konsa Barak te sòti desann Mòn Thabor avèk di-mil lòm ki t ap swiv li.
15Det 7:23SENYÈ a te boulvèse Sisera avèk tout cha yo ak tout lame a avèk lam nepe devan Barak, epi Sisera te desann cha li e te sove ale a pye.
16Men Barak te kouri dèyè cha yo avèk lame a jis rive Haroscheth-Goïm e tout lame Sisera a te tonbe pa lam nepe. Egz 14:28Nanpwen youn ki te rete.
17Alò, Sisera te sove ale sòti nan pye a tant Jaël la, madanm a Héber a, Kenyen an; paske te gen lapè antre Jabin, wa Hatsor a ak lakay Héber, Kenyen an.
18Jaël te sòti deyò pou rankontre Sisera, e li te di li: “Vire akote, mèt mwen, vire akote vè mwen! Pa pè.” Epi li te vire akote li nan tant lan, e li te kouvri li avèk yon tapi.
19 Jij 5:24-27 Li te di li: “Souple, ban mwen yon ti dlo pou m bwè; paske mwen swaf.” Konsa, li te ouvri yon boutèy lèt pou te bay li bwè ladann, epi li te kouvri li.
20Li te di li: “Kanpe nan pòtay tant lan, epi li va rive ke si yon moun vin mande ou, e di: ‘Èske gen moun la a?’ Ou va di: ‘Non.’”
21Men Jaël, madanm a Héber a, te pran yon pikèt tant lan. Li te pran yon mato nan men li, e li te pwoche li dousman. Konsa, li te frape pikèt la fè l kreve tèt li jis rive atè, paske li te fatige nèt e li t ap dòmi. Konsa, li te mouri.
22Epi veye byen, pandan Barak t ap kouri dèyè Sisera, Jaël te parèt deyò e te di l: “Vini pou mwen montre ou nonm ke w ap chache a.” Epi li te antre avèk li. Vwala, Sisera te kouche la mouri nèt avèk pikèt tant lan nan fon li.
23Konsa, Né 9:24Bondye te imilye, nan jou sa a, Jabin, wa Kananeyen an, devan fis Israël yo.
24Men lan a fis Israël yo te peze pi lou e pi lou sou Jabin, wa Kananeyen an, jiskaske yo te detwi Jabin, wa Kananeyen an.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.