1
18Nou te neglije Wòch ki te fè nou an,
e nou
26Mwen te prèt pou di: “M ap Det 4:27koupe yo an mòso,
M ap rache memwa yo soti de lòm,
27si M pa t krent ke li t ap pwovoke lènmi an,
ke lènmi pa yo ta mal jije pou yo ta di:
“Se men nou ki gen viktwa a.
Se pa t vrèman SENYÈ a ki fè tout sa.”’
28Paske Det 32:6yo se yon nasyon ki manke bon konsèy.
Yo san konprann.
29Pito Det 5:29ke yo te saj, ke yo te konprann sa,
ke Det 31:29yo te konprann avni yo!
30Kijan Lev 26:7-8yon moun ta kapab chase yon milye,
pou de sèl grenn fè di mil sove ale,
sof ke Wòch pa yo a te vann yo,
sof ke SENYÈ a te livre yo bay.
31Anverite, wòch pa yo a pa tankou Wòch nou an.
Menm lènmi nou yo kapab jije sa.
32Paske rezen pa yo sòti nan rezen Sodome,
ak chan yo nan Gomorrhe.
Rezen pa yo se rezen Det 29:18pwazon.
Grap yo anmè.
33Diven pa yo se pwazon vipè,
pwazon mòtèl koulèv kobra.
34Èske Job 14:17M pa mete sa nan depo,
byen sele nan trezò Mwen?
35“‘Vanjans se pou Mwen, avèk revandikasyon,
nan lè pye yo va glise,
Paske jou malè a yo toupre,
E rekonpans yo ap kouri vit sou yo.’
36Paske Sòm 135:14SENYÈ a va jije pèp Li a.
Li va fè mizerikòd sou sèvitè Li yo,
lè Li wè fòs yo fin disparèt,
ke pèsòn pa rete, ni esklav, ni lib.
37Li va di: Jij 10:14‘Kote dye yo ye?
Wòch kote yo te pran refij la?
38Sila ki te manje grès a sakrifis pa yo a,
e ki te bwè diven a bwason pa yo a?
Kite Jr 11:12yo vin bannou sekou!
Kite yo fè kote pou nou kache!
39Vin wè ke Mwen menm se Li.
Det 32:12 Nanpwen dye sof ke Mwen.
Se Mwen ki mete a lanmò,
e se Mwen ki bay lavi.
Se Mwen ki te fè blese
e se Mwen ki fè gerizon.
Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.
40Anverite, És 20:5-6 Mwen leve men M vè syèl la E Mwen di:
Menm jan ke Mwen viv pou tout tan an,
41si És 34:6-8Mwen file nepe briyan Mwen an,
se men M ki kenbe lajistis.
Jr 50:28-32 Mwen va rann vanjans sou advèsè Mwen yo,
epi Mwen va rekonpanse sila ki rayi Mwen yo.
42M ap fè flèch Mwen yo vin sou ak san,
e nepe Mwen va devore chè avèk san
a mò yo ak kaptif yo,
k ap sòti nan chèf a lènmi yo.’
43Rejwi, O nasyon avèk pèp pa Li a,
paske II Wa 9:7L ap fè vanjans san a sèvitè Li yo.
Li va rann vanjans sou advèsè Li yo,
e fè ekspiyasyon pou peyi Li avèk pèp Li a.”
44Alò, Moïse te vin pale tout pawòl a chan sila nan zòrèy a pèp la, li menm avèk Nonb 13:8-16Josué, fis a Nun nan.
45Lè Moïse te fin pale tout pawòl sila yo a tout Israël,
46li te di yo: “Pran a kè nou tout pawòl avèk sila mwen avèti nou jodi a, ke nou va kòmande Det 4:9fis nou yo pou swiv avèk atansyon, tout pawòl a lalwa sila yo.
47Paske se pa yon bagay pa aza ke yo ye pou nou. Anverite, Det 8:3se lavi nou yo ye. Pa pawòl sila yo, nou va pwolonje vi nou nan tè ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a.
48 Nonb 27:12 SENYÈ a te pale avèk Moïse nan menm jou sa a. Li te di:
49“Monte sou mòn sila nan Abarim nan, Mòn Nebo, ki nan peyi Moab, anfas Jéricho, e gade sou peyi a Canaan an ke Mwen ap bay a fis Israël yo kòm posesyon an.
50Epi mouri sou mòn nan kote ou monte a pou vin Jen 25:8ranmase a zansèt ou yo, jan Aaron te fè sou Mòn Hor a, e te vin ranmase pa pèp li a;
51Nonb 20:12akoz ou te peche kont Mwen nan mitan fis Israël yo nan dlo a Meriba-Kadès yo, nan dezè Tsin nan; akoz ou pa t trete Mwen tankou sen nan mitan fis Israël yo.
52Det 34:1-3Donk, ou va wè peyi a yon distans, men ou p ap ale la, nan peyi ke Mwen ap bay fis Israël yo.”
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.