1“Nou pa pou fè pou nou menm zidòl, ni nou pa pou mete an plas pou nou menm yon imaj, oswa yon
23 Lev 26:21 “Epi si, nan tout bagay sa yo nou pa vire bò kote M, men aji avèk ostilite kont Mwen,
24alò, Mwen va Lev 26:28-41 aji avèk ostilite kont nou. Mwen, Mwen menm, Mwen va frape nou sèt fwa pou peche nou yo.
25Osi, Mwen va mennen sou nou yon nepe ki va egzekite vanjans pou akò a. Lè nou reyini ansanm nan vil nou yo, Mwen va voye Nonb 14:12 epidemi sou nou, pou nou vin livre nan men lènmi nou yo.
26Lè Mwen kase pen pami nou, dis fanm va kwit pen nou nan yon sèl fou, e yo va mennen retounen pen nou nan pati ki mezire nan balans lan, pou nou Mi 6:14 manje, men pa pou nou satisfè.
27“Men si, malgre tout sa, nou pa obeyi Mwen, men aji avèk ostilite kont Mwen,
28alò, Lev 26:24-41 Mwen va aji avèk ostilite ak vanjans kont nou. Mwen va pini nou sèt fwa pou peche nou yo.
29Anplis II Wa 6:29 nou va manje chè a fis nou yo e chè a fi nou yo, n ap manje.
30Mwen Esd 6:3-6 va detwi wo plas yo, koupe lotèl lansan yo, e fè gwo pil ak retay kò nou sou retay zidòl nou, paske nanm Mwen va rayi nou.
31Anplis, Mwen va Né 2:3 kraze vil nou yo; Mwen va fè sanktyè nou yo vin dezè, e Mwen p ap dakò santi sant dous nou yo.
32Mwen va fè peyi a dezole jiskaske lènmi nou ki vin viv ladan yo a va chagrin sou sa.
33Men nou, Mwen va gaye nou pami nasyon yo, e Mwen va rale yon nepe parèt dèyè nou, pandan peyi nou an vin dezè e vil nou yo vin kraze.
34Lev 26:43 Epi tè a va rejwi nan Saba li yo pandan tout jou dezolasyon li yo, pandan nou nan peyi lènmi nou yo. Konsa, tè a va repoze e rejwi nan Saba li yo.
35Tout jou a dezolasyon yo, li va obsève repo ke li pa t obsève nan Saba nou yo pandan nou t ap viv ladann nan.
36“Pou sila nan nou ki kab toujou rete la yo, Mwen va osi pote És 30:17 feblès nan kè yo pandan yo nan peyi lènmi yo. Konsa, bwi a yon fèy k ap kouri nan van va fè kè yo sote, e menmlè pèsòn pa kouri dèyè yo, yo va sove ale tankou se devan nepe, e yo va tonbe.
37Se konsa yo va manke tonbe youn sou lòt, kòmsi yo t ap kouri kite nepe, malgre pèsòn pa dèyè yo. Nou p ap gen fòs pou kanpe devan lènmi nou yo.
38Men Det 4:26 nou va peri pami nasyon yo, e peyi lènmi nou yo va manje nou.
39Éz 4:17 Epi sila ki lese dèyè yo va pouri gate akoz inikite pa yo nan peyi a lènmi pa nou an; epi osi, akoz inikite zansèt pa yo, ak enfidelite ke yo te komèt nan peyi lènmi nou yo; anplis, akoz inikite a papa zansèt pa yo, yo va vin pouri ansanm avèk yo.
40 Jr 3:12-15 “Si yo konfese inikite pa yo, ak inikite zansèt yo, nan enfidelite ke yo te komèt kont Mwen yo, ak jan yo aji avèk ostilite kont Mwen an—
41Mwen te aji osi avèk ostilite kont yo, pou mennen yo nan peyi lènmi yo—oubyen si kè ensikonsi yo a ta vin imilye pou yo Éz 20:43 kapab, answit, aksepte pinisyon pou inikite yo a.
42Nan lè sa a, Mwen va sonje Jen 28:13-15 akò Mwen avèk Jacob, Mwen va sonje osi akò Mwen avèk Isaac, ni akò Mwen avèk Abraham, e Mwen va sonje peyi a.
43Lev 26:34 Paske, peyi a va vin abandone pa yo. Konsa, li va rejwen Saba li yo pandan li rete kon dezè san yo menm nan. Antretan, yo menm va vin aksepte pinisyon pa yo paske yo te rejte òdonans Mwen yo, e nanm yo te rayi règleman Mwen yo.
44Men malgre tout sa, lè yo nan peyi lènmi yo, Mwen p ap rejte yo, ni Mwen p ap meprize yo tèlman pou detwi yo e kase akò Mwen avèk yo; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye pa yo a.
45Men Mwen va sonje yo pou akò avèk zansèt yo a, ke M te mennen fè yo sòti nan peyi Égypte devan zye a tout nasyon yo, pou Mwen ta kapab vin Bondye pa yo. Mwen se SENYÈ a.”
46 Lev 7:38 Sa yo se règleman avèk òdonans avèk lwa ke SENYÈ a te etabli antre Li menm ak fis Israël yo pa Moïse nan Mòn Sinai a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.