1SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
2“Ou va osi di a fis Israël yo: ‘Nenpòt moun nan fis Israël yo, oswa nan etranje ki rete an Israël yo
10 Lev 18:20 “‘Si yon mesye fè adiltè avèk madanm a yon lòt, menm sila ki fè adiltè avèk madanm zanmi li an, adiltè la avèk fanm adiltè la va vrèman vin mete a lanmò.
11 Lev 18:7-8 “‘Si yon nonm vin kouche avèk madanm a papa li, li te dekouvri nidite a papa li. Yo tou de va vin mete a lanmò. Koupabilite san yo rete sou yo.
12 Lev 18:15 “‘Si gen yon nonm ki kouche avèk bèlfi li, tou de va vin mete a lanmò. Yo te fè ensès; koupabilite san an sou yo.
13 Lev 18:22 “‘Si gen yon gason ki kouche avèk yon lòt gason, menm jan ke li ta kouche avèk yon fanm, tou de te fè yon zak abominab. Yo va vrèman vin mete a lanmò. Koupabilite san yo sou yo.
14 Lev 18:17 “‘Si gen yon mesye ki marye avèk yon fanm ansanm ak manman li, sa se konwonpi. Yo tout va brile avèk dife pou mechanste pa rete nan mitan nou.
15 Lev 18:23 “‘Si gen yon mesye ki kouche avèk yon bèt, li va vrèman vin mete a lanmò. Nou va anplis touye bèt la.
16“‘Si gen yon fanm ki vin pwoche yon bèt pou kouche avèk li, nou va touye fanm nan ansanm ak bèt la. Yo va vrèman vin mete a lanmò. Koupabilite san an sou yo.
17 Lev 18:9 “‘Si yon mesye pran sè li, oswa fi a papa li, oswa fi a manman li, pou l wè nidite li, epi li wè nidite li, sa se yon gwo wont. Yo va koupe retire devan zye a fis pèp Israël la. Li te dekouvri nidite sè li. Li pote koupabilite pa l.
18 Lev 15:24 “‘Si gen yon mesye ki kouche avèk yon fanm sou règ li e dekouvri nidite li, li te vin dekouvri flèv li, e li te fè flèv san li vin parèt. Pou sa, tou de va koupe retire de pèp pa yo a.
19 Lev 18:12-13 “‘Nou pa pou dekouvri nidite sè manman nou, ni sè papa nou, paske yon nonm konsa te fè nidite a fanmi de san li vin parèt. Yo va pote koupabilite yo.
20 Lev 18:14 “‘Si gen yon mesye ki kouche avèk madanm tonton li, li te dekouvri nidite tonton li. Yo va pote peche yo. Yo va mouri san fè pitit.
21 Lev 18:16 “‘Si gen yon mesye ki pran madanm a frè li, sa se abominab. Li te dekouvri nidite a frè li. Yo p ap janm fè pitit.
22“‘Konsa, nou gen pou kenbe tout règleman ak tout òdonans Mwen yo e fè yo, pou peyi kote M ap mennen nou pou viv la, pa Lev 18:28 krache mete nou deyò.
23Anplis, nou pa pou swiv Luc 18:3 koutim nasyon sa yo ke Mwen va pouse fè sòti devan nou yo, paske yo te fè tout bagay sa yo, e konsa, Mwen te vin rayi yo.
24Konsa Mwen te di nou: Egz 13:5 “Nou dwe posede peyi pa yo a, e Mwen menm va bannou li pou posesyon, yon peyi k ap koule lèt ak siwo myèl.” Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mete nou apa de lòt pèp yo.
25“‘Se konsa ke nou gen pou distinge antre bèt ki pwòp ak bèt ki pa pwòp, e antre zwazo ki pa pwòp ak sa ki pwòp la. Nou pa pou fè tèt nou vin abominab ni pa bèt, ni pa zwazo, ni pa sa ki trennen atè reptil ke Mwen te separe pou nou kòm pa pwòp.
26Se konsa, nou va sen pou Mwen, paske Mwen, SENYÈ a, Mwen sen. Mwen te mete nou apa de lòt pèp yo pou nou kapab pa Mwen.
27“‘Alò, yon nonm oswa yon fanm Lev 19:31 ki kontakte mò yo, oswa lespri yo, yo va anverite vin mete a lanmò. Yo va vin lapide avèk kout wòch. Koupabilite san rete sou yo.’”
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.