Levitik Yo 8 - Haitian Bible

1Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:

2“Egz 28:1 Pran Aaron ak fis li yo avè l, avèk vètman yo, lwil onksyon an, towo ofrann peche a, de belye, ak panyen pen san ledven an,

3epi reyini tout asanble a nan pòtay tant asanble a.”

4Alò, Moïse te fè ojis sa ke SENYÈ a te kòmande li a. Lè asanble a te fin reyini nan pòtay tant asanble a,

5Moïse te di asanble a: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande pou fè yo.”

6Konsa, Egz 29:4-6Moïse te fè Aaron avèk fis li yo vin pwoche e te I Kor 6:11benyen yo avèk dlo.

7Li te Egz 28:4 mete yon tinik sou li, mare senti li avèk yon sentiwon an twal, abiye li avèk yon manto, mete efòd la sou li; epi li te tache ban atistik efòd la e mare l sou li.

8Li te mete pyès lestomak la sou li. Anplis, nan pyès lestomak la, li te mete Esd 2:63 Ourim nan avèk Toumim nan.

9Li te plase plastwon an sou tèt li. Sou plastwon an, pa devan, li te mete Egz 28:36 plak an lò a, kouwòn sen an, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.

10Alò, Moïse te pran Egz 30:26-29 lwil onksyon an e te onksyone tabènak la ak tout sa ki te ladann, epi li te konsakre yo.

11Li te flite kèk lwil ladann sou lotèl la sèt fwa, e li te onksyone lotèl la avèk tout zouti li yo, ak basen an avèk baz li pou Egz 29:36-37 konsakre yo.

12Konsa, li te vide kèk nan Lev 21:10-12 lwil onksyon an sou tèt Aaron, e li te onksyone li, pou konsakre li.

13Egz 28:8-9 Apre sa, Moïse te fè fis Aaron yo pwoche. Li te abiye yo avèk tinik yo, mare senti yo avèk sentiwon an twal yo e mare kas yo sou yo, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.

14Answit, li te pote Sòm 66:15 towo ofrann peche a, e Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt towo ofrann peche a.

15Apre sa, Moïse te touye li. Li te pran san an avèk dwèt li, li te Lev 4:7 mete kèk nan li toupatou sou kòn lotèl la, e te pirifye lotèl la. Rès san an, li te vide li nan baz lotèl la, e li te konsakre li pou fè ekspiyasyon pou li.

16Li te osi Egz 29:13 pran tout grès ki te sou zantray yo avèk gwo mòso fwa a, de ren yo avèk grès pa yo. Moïse te ofri li nan lafimen sou lotèl la.

17Egz 29:14 Men towo a avèk po li ak chè li, ak watè li, li te brile yo nan dife a deyò kan an jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.

18Alò, li te prezante Egz 29:15 belye ofrann brile a. Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt belye a.

19Moïse te touye li e li te flite san an toutotou lotèl la.

20Lè li te fin koupe belye a an mòso, Moïse te Lev 1:8 ofri tèt la, mòso yo ak grès di ki kouvri ren yo nan lafimen.

21Apre li te fin lave zantray yo ak janm yo avèk dlo, Moïse te Egz 29:18 ofri tout belye a nan lafimen sou lotèl la. Se te ofrann brile a pou yon bon odè. Li te yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

22Answit, li te prezante dezyèm belye a, Egz 29:31 belye òdinasyon an. Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt belye a.

23Moïse te touye li, pran kèk nan san li e li te Egz 29:20-21 mete li sou tèt zòrèy dwat Aaron, sou pous men dwat li ak gwo zòtèy pye dwat li.

24Osi, li te fè fis Aaron yo vin toupre; epi Moïse te mete kèk nan san an sou tèt zòrèy dwat la, sou pous men dwat yo, ak sou gwo zòtèy pye dwat yo. Alò, Moïse te Eb 9:18-22 flite rès san an toutotou lotèl la.

25Li te pran grès la, grès ke a, tout grès ki te sou zantray yo, gwo mòso fwa a, de ren yo avèk grès pa yo ak kwis dwat la.

26Nan Egz 29:23 panyen pen san ledven ki te devan SENYÈ a, li te retire yon gato pen san ledven, yon gato pen mele avèk lwil ak yon galèt, e li te plase yo sou pati grès yo ak sou kwis dwat la.

27Answit, li te Egz 29:24 mete tout sa yo nan men Aaron ak nan men fis li yo, e li te prezante yo kòm yon ofrann balanse an lè devan SENYÈ a.

28Answit, Moïse te Egz 29:25pran yo nan men yo, e li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la avèk ofrann brile yo. Yo te yon ofrann òdinasyon pou yon bon odè. Jen 8:21Se te yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.

29Moïse te pran Lev 7:31-34 pwatrin nan, e li te prezante li kòm yon ofrann balanse an lè devan SENYÈ a. Sa te pati pa Moïse nan belye òdinasyon an, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

30Alò, Moïse Egz 29:21 te pran kèk nan lwil onksyon an e kèk nan san ki te sou lotèl la, e li te flite li sou Aaron, sou vètman pa li, sou fis li yo, sou vètman pou fis li yo avèk pa li a. Konsa, li te konsakre Aaron, vètman li yo, fis li yo ak vètman a fis li yo ansanm avèk li menm.

31Answit, Moïse te di a Aaron ak fis li yo: Egz 29:31 “Bouyi chè a nan pòtay tant asanble a, e manje li ansanm avèk pen ki nan panyen ofrann òdinasyon an, jis jan ke m te kòmande a lè m te di: ‘Aaron avèk fis li yo va manje li.’

32Egz 29:34 Sa ki rete nan chè a ak nan pen an, ou va brile li nan dife.

33Egz 29:35 Pandan sèt jou, nou pa pou sòti deyò pòtay tant asanble a, jis rive jou ke tan òdinasyon nou an fini: paske li va òdone nou pandan sèt jou.

34“Sa ki te fèt la jodi a, konsa, SENYÈ a te bay lòd pou fè, pou fè ekspiyasyon pou nou.

35Nan pòtay tant asanble a, anplis, nou va rete lajounen kon lannwit pandan sèt jou pou I Wa 2:3 kenbe lòd SENYÈ a pou nou pa mouri: paske se konsa mwen resevwa lòd la.”

36Konsa, Aaron avèk fis li yo te fè tout bagay ke SENYÈ a te kòmande atravè Moïse yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help