1Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Taye pou kont ou de tablèt an wòch tankou sa nou te genyen yo.
30Pou sa, lè Aaron avèk tout fis Israël yo te wè Moïse, byen gade, po figi li t ap briye, e II Kwo 3:7 yo te pè pwoche li.
31Epi Moïse te rele yo avèk Aaron. Tout dirijan kongregasyon yo te retounen kote li. Konsa, Moïse te pale avèk yo.
32Apre sa a, tout fis Israël yo te pwoche, e li te bay yo tout komandman yo ke SENYÈ a te pale ak li nan Mòn Sinaï a.
33Lè Moïse te fin pale avèk yo, II Kwo 3:13 li te mete yon vwal sou figi li.
34Men nenpòt lè Moïse te antre devan SENYÈ a pou pale avèk Li, II Kwo 3:16 li te retire vwal la pou jis lè li te sòti. Epi nenpòt lè li te vin sòti, li te pale avèk fis Israël yo sa ke Senyè a te kòmande yo.
35II Kwo 3:13Fis Israël yo te wè figi Moïse, ke po figi li t ap briye. Alò, Moïse te remete vwal la sou figi li jis lè li te vin antre pou pale avèk SENYÈ a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.