Egzòd 24 - Haitian Bible

1Alò, Li te di a Moïse: Egz 19:24 “Vin monte vè SENYÈ a, ou menm avèk Aaron, Nadab, Abihu avèk swasann-dis nan ansyen Israël yo, e nou va adore a yon distans.

2Men se sèl Moïse k ap vin toupre SENYÈ a, men yo menm p ap vin pre. Pèp la p ap monte avèk li.”

3Alò Moïse te vin rakonte a pèp la tout pawòl a SENYÈ a yo, avèk tout òdonans yo; epi tout pèp la te reponn avèk yon sèl vwa. Yo te di: Egz 19:8 “Tout pawòl sa yo ke SENYÈ a pale, nou va fè yo!”

4Egz 17:4Moïse te ekri tout pawòl SENYÈ a yo.

Konsa, li te leve granmmaten e li te bati yon lotèl nan pye mòn nan avèk douz pilye pou douz tribi Israël yo.

5Li te voye jèn mesye nan fis Israël yo, Egz 18:12 yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis jèn towo kòm ofrann lapè bay SENYÈ a.

6 Eb 9:18 Moïse te pran mwatye nan san an. Li te mete li nan basen yo, e lòt mwatye san an li te aspèje li sou lotèl la.

7Epi li te pran Egz 24:4 liv akò a, e li te li li nan zòrèy a tout pèp la. Epi yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a pale, nou va fè yo, e nou va obeyi yo.”

8Alò, Eb 9:19,20 Moïse te pran san an. Li te aspèje li sou pèp la. Li te di: “Gade byen san akò a, ke SENYÈ a te fè avèk nou selon tout pawòl sa yo.”

9Alò, Moïse te pran Aaron, Egz 24:1 Nadab, Abihu, ak swasann-dis nan ansyen Israël yo pou monte.

10Egz 24:11 Yo te wè Bondye Israël la. Anba pye li, te parèt yon choz tankou yon pave ki fèt an safì, klè tankou syèl la menm.

11Malgre Li pa t lonje men Li kont prens Israël sa yo. Jen 16:3 Yo te wè Bondye, yo te manje e yo te bwè.

12Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Vin monte vè Mwen nan mòn nan e rete la, epi Egz 31:18 Mwen va bay ou tab wòch yo avèk lalwa ak kòmandman ke M te ekri pou enstwi yo.”

13Alò, Moïse te leve avèk Egz 17:9-14Josué, sèvitè li a, e Moïse te monte nan Egz 3:1mòn Bondye a.

14Men a ansyen yo li te di: “Tann isit la pou nou jis lè nou retounen kote nou. Epi gade byen, Egz 17:10,12 Aaron avèk Hur isit avèk nou. Nenpòt moun ki genyen yon pwosè lalwa kapab pwoche yo.”

15Alò Moïse te monte nan mòn nan, e Egz 19:9 nwaj la te kouvri mòn nan.

16 Egz 16:10 Glwa SENYÈ a te rete sou Mòn Sinai a, e nwaj la te kouvri li pandan sis jou. Nan setyèm jou a, Li te rele Moïse soti nan mitan nwaj la.

17Nan zye a fis Israël yo, aparans glwa SENYÈ a te tankou yon Det 4:24 dife ki t ap ravaje sou tèt mòn nan.

18Moïse te antre nan mitan nwaj la pandan li te monte sou mòn nan. Konsa, Moïse te rete sou mòn nan pandan Egz 34:28 karant jou ak karant nwit.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help