1
4
11Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ?
Kilès ki tankou Ou?
Kilès ki tankou ou
nan majeste ak sentete,
etonan nan lwanj,
Sòm 72:18 k ap fè mèvèy yo?
12 Egz 15:6 Ou te lonje men dwat Ou;
Lanmè a te vale yo.
13Nan lanmou ak mizerikòd Ou,
Ou te Sòm 77:20mennen pèp ke Ou te Egz 15:16ransone.
Nan pwisans Ou an,
Ou te gide yo rive nan abitasyon sen pa Ou a.
14 Det 2:25 Lòt nasyon pèp yo te tande.
Y ap tranble.
Gwo lakrent vin sezi abitan Philistine yo.
15Epi chèf Édom yo vin sezi.
Nonb 22:3,4 Gèrye nan Moab yo pran tranble.
Jos 2:9,11,24 Tout abitan Canaan yo te fonn e vin disparèt.
16Sezisman avèk laperèz vin tonbe sou yo.
Egz 15:5,6 Pa pwisans bra Ou, yo vin san fòs tankou wòch;
jis lè pèp Ou a vin janbe, O SENYÈ,
Jis lè pèp ke Ou te Sòm 74:2ransone a vin janbe.
17Ou va mennen yo antre,
e plante yo nan Sòm 2:6gwo mòn eritaj pa Ou a,
plas la, O SENYÈ, ke Ou te fè tankou abitasyon pa Ou a,
Sòm 78:69 lye sen an, O SENYÈ, ke men Ou te etabli a.
18SENYÈ a va renye pou tout tan, e pou tout tan.”
19Paske cheval Farawon yo avèk cha li yo avèk mèt cheval li yo te antre nan lanmè a, e SENYÈ a te fè dlo lanmè a retounen sou yo. Men fis Israël yo te mache nan Egz 14:22,29 tè sèch nan mitan lanmè a.
20 Egz 2:4 Marie, pwofetès ak sè Aaron an te pran tanbouren an nan men l. Tout fanm yo te sòti dèyè li avèk tanbouren yo. Yo t ap danse.
21Marie te reponn yo:
Egz 15:1 “Chante a SENYÈ a, paske Li egzalte byen wo.
Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.”
22Alò, Moïse te mennen Israël soti kite Lanmè Wouj la. Yo te ale nan Nonb 33:8dezè Jen 16:7Schur a, epi yo te vwayaje twa jou nan dezè a. Men yo pa t jwenn dlo.
23Lè yo rive nan Nonb 33:8 Mara, yo pa t kab bwè dlo Mara a, paske li te anmè. Se pou sa yo te rele l Mara.
24Alò, pèp la te Egz 14:11 plenyen kont Moïse. Yo te di: “Kisa n ap bwè?”
25Konsa, li te kriye a SENYÈ a, epi SENYÈ a te montre li yon pyebwa. Lè li te jete li nan dlo a, e dlo a te vin dous.
La menm, Li te Jos 24:25fè pou yo yon lòd avèk yon règleman, epi la, Li te fè yo Egz 16:4pase a leprèv.
26Li te di: Det 7:12“Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a Egz 20:2-7kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”
27Alò, yo te rive nan Nonb 33:9 Élim kote ki te gen douz sous dlo ak swasann-dis palmye dat yo, e yo te fè kan akote dlo a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.