1Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Ale vè Farawon, paske Egz 4:21 Mwen te fè kè l di, ak kè a sèvitè li yo, pou Mwen kapab fè sign sa yo selon Mwen menm pami yo,
2epi Egz 12:26,27 pou ou kapab rakonte nan zòrèy fis ou yo, ak fis a fis ou yo sa Mwen te fè Égypte, ak jan Mwen te fè sign Mwen yo pami yo, pou nou kapab konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
3Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon, e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: ‘Jiska konbyen de tan ou va refize I Wa 21:29 imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.
4“‘Oswa, si ou refize kite pèp Mwen an ale, gade byen, demen Mwen va mennen krikèt nan teritwa pa w la.
5Yo va kouvri tout sifas latè pou pèsòn pa kab wè tè a. Jl 1:4 Yo va anplis manje rès nan sa ki te chape yo—sa ki te rete pou ou aprè lagrèl la—e yo va manje chak bwa ki vin boujonnen pou ou nan chan an.
6Konsa, kay nou yo va vin ranpli, kay a tout sèvitè nou yo, e kay a tout Ejipsyen yo, yon bagay ke ni papa nou yo, ni papa a papa nou yo pa t janm wè, depi jou ke yo te vini sou tè a, jiska jodi a.’” Konsa, li te vire kite Farawon.
7Sèvitè Farawon yo te di li: “Pou konbyen de tan mesye sila a ap rete tankou Egz 23:23 yon pèlen pou nou? Kite mesye yo ale pou yo kapab sèvi SENYÈ Bondye a yo a. Èske ou pa wè ke Égypte gen tan fin detwi?”
8Alò, yo te Egz 8:8mennen Moïse avèk Aaron retounen vè Farawon. Li te di yo: “Egz 8:25Ale sèvi SENYÈ a, Bondye ou a! Kilès nan nou k ap prale yo?”
9Moïse te di: Egz 12:37,38 “Nou va ale avèk jenn nou yo, ak granmoun nou yo. Avèk fis nou yo ak fi nou yo, avèk bann mouton nou yo, ak twoupo nou yo. Nou va ale, paske nou oblije fè yon fèt pou onore SENYÈ a.”
10Alò li te di yo: “Vrèman SENYÈ a avèk nou, si janmen ou wè mwen ta kite nou avèk pitit nou yo ale! Veye nou, paske se mechanste nou anvizaje nan tèt nou.
11Se pa konsa! Ale koulye a ak mesye ki pami nou yo, pou sèvi SENYÈ a, konsi se sa menm nou vle fè.” Konsa yo te Egz 10:28 chase yo ale kite prezans Farawon.
12Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Egz 7:19Lonje men ou sou peyi Égypte la pou krikèt yo, pou yo kapab vin monte sou peyi Égypte la, pou yo ka Egz 10:5-15manje chak plan ki nan tè a, menm tout sa ke lagrèl la te kite yo.”
13Alò, Moïse te lonje baton li sou peyi Égypte la, e SENYÈ a te dirije yon van lès sou latè pandan tout jounen an, ak tout nwit lan.
Epi lè li te vin maten, van lès la te pote Sòm 78:46 krikèt yo.
14Det 28:38 Krikèt yo te vini sou tout latè an Égypte. Yo te vin rete nan tout teritwa Égypte la; yo te debòde l nèt. Pa t janm genyen fòs kantite krikèt egal a sa a, ni p ap janm genyen ankò.
15Paske yo te kouvri sifas tout tè a, jiskaske latè te vin tounwa, epi yo te Egz 10:5 manje chak plant peyi a ak tout fwi nan bwa ke lagrèl te kite yo. Konsa, anyen vèt pa t rete nan bwa yo ni plant chan yo nan tout peyi Égypte la.
16Alò, Farawon te fè vit pou rele Moïse avèk Aaron, e li te di: “Egz 9:27 Mwen te peche kont SENYÈ a Bondye nou an, e kont nou menm.
17Alò, pou sa, souple padone peche mwen yo sèlman pou fwa sa a, e Egz 8:8,28 fè lapriyè pou mwen bay SENYÈ a, Bondye nou an, pou Li ta sèlman retire lanmò sa a sou mwen.”
18 Egz 8:30 Li te sòti devan Farawon e li te fè lapriyè bay SENYÈ a.
19Alò, SENYÈ a te fè van an chanje an yon van lwès byen fò ki te leve pran tout krikèt yo, e te voye yo nan Lamè Wouj. Menm yon sèl krikèt pa t rete nan tout teritwa Égypte la.
20Men Egz 4:21 SENYÈ a te fè kè Farawon an vin di, e li pa t kite fis Israël yo ale.
21Alò SENYÈ a te di Moïse: “Egz 9:22 Lonje men ou vè syèl la, pou kapab vin gen tenèb sou tout peyi Égypte la, menm yon tenèb tèlman lou ke yon moun ka santi l.”
22Alò Moïse te lonje men l vè syèl la, e te vin gen yon Sòm 105:28 pwofon tenèb nan tout peyi Égypte la pandan twa jou.
23Yo pa t kapab wè youn lòt ni pèsòn pa t leve kite kote yo ye a pandan twa jou. Egz 8:22 Men tout fis Israël yo te gen limyè nan andwa pa yo a.
24Alò Farawon te rele Moïse. Li te di: “Ale, sèvi SENYÈ a, men kite bann mouton avèk twoupo yo dèyè. Menm Egz 10:10 pitit nou yo kapab ale avèk nou.”
25Men Moïse te di: “Ou oblije osi kite nou fè sakrifis e brile ofrann, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an.
26Egz 10:9 Pou sa, bèt nou yo tou ap prale avèk nou. Pa menm youn zago k ap rete dèyè, paske nou va pran kèk nan yo pou sèvi SENYÈ a, Bondye nou an. Epi jiskaske nou rive la, nou menm pa konnen avèk kilès nan yo nou oblije sèvi SENYÈ a.”
27Men Egz 4:21 SENYÈ a te fè kè a Farawon vin di, e li pa t dakò kite yo ale.
28Alò, Farawon te di li: “Egz 10:11 Sòti sou mwen! Veye ou pou pa wè figi m ankò, paske nan jou ou wè figi m ou va mouri.”
29Moïse te di: “Ou gen rezon; Egz 11:8 Mwen p ap janmen wè figi ou ankò!”
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.