Jenèz 44 - Haitian Bible

1

16Konsa, Juda te di: “Kisa nou kapab di a mèt nou? Kisa nou kapab pale? Kijan nou kapab jistifye pwòp tèt nou? Bondye te twouve inikite nan sèvitè ou yo. Gade byen, nou se esklav a mèt nou, ni nou, men osi sila ki te posede tas nou te twouve a.”

17Men li te di yo: “Kite sa byen lwen pou m fè sa. Mesye sou sila nou te twouve tas la, li va esklav mwen. Men pou nou, ale anpè vè papa nou.”

18Alò, Juda te pwoche li. Li te di: “O mèt mwen, silvouplè, èske sèvitè ou kapab pale yon mo nan zòrèy a mèt la, e li p ap vin fache avèk sèvitè ou a; paske Jen 37:7-8 ou menm jan avèk Farawon.

19Jen 43:7Mèt mwen an te mande sèvitè li yo, e te di: ‘Èske nou genyen yon papa, oswa yon frè?’

20Nou te di a mèt mwen: ‘Nou gen yon papa ki granmoun, ak yon Jen 37:3timoun li te fè nan vyeyès li. Alò, Jen 37:33frè li a gen tan mouri, li sèl ki rete kòm pitit a manman l, e papa li renmen li.’

21“Konsa, ou te di sèvitè ou yo: Jen 45:15-20 ‘Mennen fè l desann pou m kapab fikse zye m sou li.’

22“Men nou te di a mèt nou: ‘Jènjan an pa kapab kite papa l; papa l ta mouri.’

23“Malgre sa, ou te di a sèvitè ou yo: Jen 43:3-5 ‘Amwens ke pi jenn nan vin desann avèk nou, nou p ap wè figi m ankò.’

24“Se te konsa li te rive ke lè nou te monte vè sèvitè ou, papa m, ke nou te pale li pawòl a mèt nou an.

25Jen 43:2Papa nou te di nou: ‘Retounen achte yon ti manje.’

26Men nou te di: ‘Nou pa kapab desann. Si pi jenn frè nou an avèk nou, nou va desann. Paske nou pa kapab wè figi a nonm nan ankò, sof ke pi jenn frè nou an avèk nou.’

27“Sèvitè ou, papa m, te di nou: ‘Ou konnen ke Jen 46:19madanm mwen te fè de fis pou mwen.

28Youn nan yo te sòti kite mwen, e mwen te di: “Asireman li te chire an mòso”, e mwen pa wè li depi lè sa.Jen 37:31-35

29Si ou pran sila a osi de mwen, e si malè rive li, nou va Jen 42:38mennen cheve tèt blanch sa a anba nan sejou mò yo avèk tristès.’

30“Alò, pou sa, lè mwen rive vè sèvitè ou, papa m, e pou jènjan an pa la avèk nou, paske I Sam 18:1lavi li mare ansanm avèk lavi jènjan an,

31lè li wè ke jènjan an pa avèk nou, l ap mouri. Konsa sèvitè ou yo va Jen 44:29mennen cheve blanch a sèvitè ou, papa nou anba nan sejou mò yo avèk tristès.

32Paske sèvitè ou te Jen 43:9devni yon sekirite pou jènjan a papa m nan, e mwen te di: ‘Si mwen pa fè l retounen a ou menm, alò, kite m pote koupabilite sa a devan papa m pou tout tan.’

33“Alò, pou sa, kite sèvitè ou a rete, olye ke jènjan an, kòm yon esklav a mèt mwen. E kite jènjan an monte avèk frè li yo.

34Paske kijan mwen kapab monte vè papa m si jènjan an pa avè m?—paske mwen pè pou m ta wè malè ki vin pran papa m.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help