1Alò, sa yo se achiv jenerasyon Jen 25:30Ésaü yo, (sa vle di, Edom).
2Ésaü te Jen 28:9; Jen 36:25pran madanm pami fi Canaan yo: Ada, fi Elon an, Etyen an, Oholibama, fi Ana a, ak gran fi a Tsibeon an, Evyen an.
3Anplis, Basamath, fi Ismaël la, sè Nebajoth la.
4Ada te fè Eliphaz bay Ésaü, e Basamath te fè Réuel;
5Epi Oholibama te fè Jéusch, Jaelam, ak Koré. Sa yo se fis Ésaü ki te fèt a li menm nan peyi Canaan.
6 Jen 12:5 Epi Ésaü te pran madanm li yo, fis ak fi li yo avèk tout lakay li, bèt li yo avèk tout bèf li yo, ak tout byen ke li te ranmase nan peyi Canaan yo, e li te ale nan yon lòt peyi, lwen frè li a, Jacob.
7Paske byen yo te vin twò gran pou yo ta viv ansanm, e peyi kote yo te demere a pa t kab pran yo akoz tout bèt yo te genyen yo.
8Konsa, Ésaü te viv nan peyi kolin yo nan Jen 32:3Séir. Ésaü se menm avèk Édom.
9Alò, sa yo se achiv a jenerasyon Ésaü yo, papa a Edomit yo nan peyi kolin yo nan Séir.
10Alò men non a fis Ésaü yo: Éliphaz, fis Ada a madanm Ésaü a, Réuel, fis Basamath la, madanm a Ésaü a.
11Fis Éliphaz yo te: Théman, Omar, Tsepho, Gaetham, ak Kenaz.
12Thimna te fanm lakay Éliphaz, fis Ésaü a; li te fè Amalek pou Éliphaz. Sila yo se fis Ada yo, madanm Ésaü a.
13Sa yo se fis Réuel yo: Nahath, Zérach, Schamma, ak Mizza. Sa yo se te fis Basamath yo, madanm Ésaü a.
14Sa yo se te fis madanm Ésaü a, Oholibama, fi Ana a, ki te pitit pitit Tsibeon an: li te fè pou Ésaü, Jéusch, Jaelam, ak Koré.
15Men chèf a fis Ésaü yo. Fis Éliphaz yo, premye ne Ésaü a, se chèf Théman, chèf Omar, chèf Tsepho, chèf Kenatz,
16chèf Koré, chèf Gaetham, chèf Amalek. Sa yo se chèf ki te desandan Eliphaz nan peyi Edom an. Sa yo se fis a Ada yo.
17Men fis Réuel, ki te fis Ésaü yo: chèf Nahath, chèf Zérach, chèf Schamma, chèf Mizza. Sa yo se chèf ki te desandan a Réuel yo, nan peyi Edom an. Sa yo se fis a Basamath, madanm a Ésaü a.
18Sa yo se fis a Oholibama yo, madanm a Ésaü a; chèf Jéusch, chèf Jaelam, chèf Koré. Sa yo se chèf ki te desandan pa Oholibama a, madanm a Ésaü a, fi a Ana a.
19Sila yo se fis a Ésaü yo (sa vle di Édom), e sa yo se chèf yo.
20Sila yo se fis Séir yo, Jen 14:6Oryen an, pèp peyi a: Lothan, Schobal avèk Tsibeon ak Ana,
21epi Dischon, Etser avèk Dischan. Sa yo se te chèf a Oryen yo, fis Séir yo, nan peyi Édom an.
22Fis a Lothan yo se te Hori avèk Hémam. Sè a Lothan an se te Thimna.
23Men fis a Schobal yo: Alvan, Manahath, Ébal, Schepho, avèk Onam.
24Men fis a Tsibeon yo: Ajja ak Ana. Se te Ana ki te twouve sous cho nan dezè a lè l t ap fè gadyen bourik yo pou papa l, Tsibeon.
25Men pitit a Ana yo: Dischon avèk Oholibama, fi a Ana a.
26Men fis Dischon yo: Hemdan, Eschban, Jithran, avèk Keran.
27Men fis a Etser yo: Bilhan, Zavvan avèk Akan.
28Men fis a Dischan yo: Uts avèk Aran.
29Men chèf Oryen yo: chèf Lothan, chèf Schobal, chèf Tsibeon, ak chèf Ana,
30chèf Dischon, chèf Etser, chèf Dischan. Sa se chèf a Oryen yo, chèf ki te nan peyi Séir yo.
31Men wa ki te renye nan peyi a Édom yo, avan ke yon wa te vin renye pami zanfan Israël yo.
32Béla, fis Beor, te renye sou Édom; epi non vil pa l la te Dinhaba.
33Béla te mouri e Jbab, fis Zérach, a Botsra te renye nan plas li.
34Jbab te vin mouri; epi Huscham nan peyi Temanit yo te renye nan plas li.
35Huscham te mouri; epi Hadad, fis a Bedad la te vin renye nan plas li. Se te li menm ki te frape Madian nan chan Moab la. Non a vil sa a se te Avith.
36Hadad te mouri; epi Samia ak Masréka te vin renye nan plas li.
37Samia te mouri; epi Saül ak Rehoboth sou larivyè Euphrate la te vin renye nan plas li.
38Saül te mouri; epi Baal-Hanan, fis Acbor a te vin renye nan plas li.
39Baal-Hanan, fis Acbor te mouri, epi Hadar te vin renye nan plas li. Non a vil sa a se te Pau; epi non madanm li te Mehéthabeel, fi a Mthred, fi a Mézahab la.
40Men non a chèf ki te desandan Ésaü yo, selon tribi yo, selon teritwa yo, pa non yo; chèf Timna, chèf Alva, chèf Jetheth,
41chèf Oholibama, chèf Éla, chèf Pinon,
42chèf Kenaz, chèf Théman, chèf Mibtsar,
43chèf Magdiel, chèf Iram.
Sa se chèf Édom yo (sa vle di pou Ésaü, papa a Edomit yo), selon abitasyon yo, ak peyi yo te posede yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.