1Alò, Abram te monte kite Égypte vè Jen 12:9Negev, li menm avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li, e Lot te avèk li.
2Epi Abram te Jen 24:35trè rich nan bèt, lajan ak nan lò.
3Li te fè vwayaj li yo ki sòti Negev pou rive jis Béthel, nan plas kote tant li a te ye nan kòmansman an, Jen 12:8antre Béthel avèk Ai,
4jis rive nan plas Jen 12:7-8 lotèl ke li te fè la oparavan an. Epi la Abram te rele non SENYÈ a.
5Alò, Jen 12:5Lot, ki te ale avèk Abram, osi te gen bann mouton, twoupo, avèk tant.
6Epi tè a pa t kapab sipòte yo toude pou rete ansanm, paske byen yo te tèlman gran ke yo pa t kab rete ansanm.Jen 36:7
7Epi te gen konfli antre bèje bèt Abram, ak bèje bèt Lot yo. Epi te gen Kanaaneyen yo avèk Ferezyen yo ki te rete nan peyi a.
8 Pwov 15:18 Alò, Abram te di a Lot: “Silvouplè, pa kite gen konfli antre ou avèk mwen, ni antre bèje pa m ak bèje pa w, paske se frè nou ye.
9Èske se pa tout tè a ki pou ou? Silvouplè, annou separe. Si se vè agoch, mwen menm, mwen va ale adwat. Oswa si se adwat, mwen menm, mwen va ale agoch.”
10Lot te leve zye li, e li te wè tout Det 34:3 vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te Jen 19:24 detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar.
11Konsa, Lot te chwazi pou li menm tout vale Jourdain an, e Lot te vwayaje vè lès. Konsa yo te separe youn ak lòt.
12Abram te vin rete nan tè Canaan an, pandan Lot te vin rete nan Jen 14:2gran vil yo nan vale a, e li te deplase tant li yo jis rive Sodome.
13Alò, Jen 18:20mesye Sodome yo te mechan anpil, e yo te fè peche depase kont SENYÈ a.
14SENYÈ a te di a Abram lè Lot fin kite l la: “Koulye a leve ze ou pou gade depi plas la kote ou ye a; Jen 28:14 vè nò, vè sid, vè lès ak lwès.
15Jen 12:7Paske tout peyi ke ou wè a, Mwen va ba ou li, ak desandan ou yo pou tout tan.
16“Mwen va fè desandan ou yo peple Jen 16:10tankou pousyè tè, pou si okenn moun pa kapab kontwole pousyè tè a, konsa yo p ap kapab osi kontwole desandan ou yo.
17Leve, Nonb 13:17-24 mache toupatou nan peyi a nan longè li avèk lajè li; paske Mwen va ba ou li”.
18Epi Abram te deplase tant li an, li te vin rete akote Jen 14:13bwatchenn Mamré yo ki an Hébron, e la li te bati yon lotèl bay SENYÈ a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.